Biden renouvle ak Redeziye TPS pou Ayisyen

Rédigé le 03/07/2024
T-Zen

Bòn nouvèl ! Administrasyon Biden nan pral bay TPS ak tout Ayisyen ki antre Etazini, avan 3 jen 2024

Nan videyo sa w ap konpran sa ki pi enpotan pou konnen: https://youtu.be/OJo914o-kjg?si=4ABlLVEBe21Gh6AL

🇺🇸Anpil ayisyen pral delivre pou TPS. Otorite ameriken yo ap deside jodia pou rebay Ayisyen TPS. Moun ki elijib se moun ki antre Etazini jiska 3 jen 2024. Si w antre aprè dat sa ou pa ladann. Rete branche T-Zen pou plis detay. Si w bezwen èd ak TPS kontakte nou.



TPS: Prèv rezidans-Proof of Residence


Nan ranplis TPS, gen yon seksyon ki rele “Prof of Residence” se tout dokiman ki ka pwouve ke w ap viv nan adrès ou di a nan Etazini. Dokiman sa dwe gen adrès w ap viv la konplè. Pami yo ou ka monte youn ou plizyè sou sistèm nan, n ap jwenn :
Souch pèman
Fòm W-2,
Deklarasyon salè ak taks
Lèt travay yo
Lèt ki soti nan bank
Resi lwaye, bòdwo sèvis piblik (pa egzanp, gaz, elektrik ak telefòn), ak resi oswa lèt konpayi ki montre dat ou te resevwa sèvis yo.
Dosye lekòl (pa egzanp, lèt, ak kanè) ki soti nan lekòl oumenm oswa pitit ou te ale Ozetazini, ki montre non lekòl yo ak peryòd prezans lekòl yo.
Lopital oswa dosye medikal konsènan tretman oswa dat ou entène lopital oumenm oswa pitit ou yo, ki montre non etablisman medikal la oswa doktè a, ak dat tretman oswa ou te entène lopital la.
Atestyasyon legliz, sendika, oswa lòt òganizasyon ki fè rezidans ou, ki idantifye w .
Dokiman adisyonèl yo ka gen ladan kopi resi ou konn voye oubyen resevwa lajan nan transfè
Nenpòt lòt dokiman enpòtan ki pwouve ke w ap viv la.
#TPSforHaiti #TPSHaiti #TPS #TPS2024 #tzen #immigrants #refugeesupport @followers