Atansyon migran ak moun k ap chèche azil

Rédigé le 11/05/2023
TZen

⚠️Atansyon migran ak moun k ap chèche  azil nan depi  peyi Chili pou antre Etazini #papranrisk #NoTeArriesgues



ATANSYON MIGRAN AK MOUN K AP CHÈCHE AZIL NAN PEYI MEKSIK YO

Enfòmasyon ou dwe konnen sou chanjman nan politik imigrasyon peyi Etazini

  1. Apati 11 Me a minui, politik Tit 42 a pral fini, men otorite Ameriken yo pral trete epi depòte byen rapid tout imigran oswa moun k ap chèche azil yo ki rive yon fason ilegal sou fwontyè ameriken an.
  2. Sèl fason pou antre Ozetazini se atravè yon wout legal. Sèvi ak CBPOne pou pran yon randevou nan yon pò antre tèrès.
  3. Gouvènman ameriken an ap ogmante kantite randevou yo epi pote amelyorasyon nan aplikasyon an.

Si ou antre yon fason ilegal, sa ka gen konsekans grav :

  •  Yo pral mete ou nan pwosesis pou yo depòte ou selon Tit 8 la epi y ap depòte ou sou kèk jou. Ou p ap kapab retounen Ozetazini pou omwen senk (5) lane.
  • Si ou pa antre yon fason legal, ou p ap kapab aplike pou azil, sof si yo fè yon eksepsyon.

Enpòtan!

Etazini ap ranfòse efò li yo pou fè respekte lalwa sou fwontyè a, e si ou pa pran wout legal yo wap fè fas ak konsekans yo. Pran desizyon ki entelijan an epi chwazi wout legal la.

Pa kwè nan moun yo rele pasè yo k ap di w:

  • Li fasil pou antre Ozetazini yon fason ilegal.
  • Fen Tit 42 = yon fwontyè ouvè
  • Ou ka antre Ozetazini san w pa chwazi yon wout legal

Sa w pou konnen:

  • Ou dwe itilize yon wout legal pou antre Ozetazini
  • Randevou CBPOne yo se yon fason ki san danje epi gratis pou w aplike pou antre Ozetazini
  • Koyòt yo se kriminèl e yo mete lavi w an danje pou fè lajan. Lè w kwè nan sa yo di w yo, wap mete lavi w ak lavi fanmi w an danje seryezman.

Sous Anbasad Etazini nan Potoprens



Tit 42 a vs Tit 8 la

Òdonans Sante Piblik Tit 42 a :

  • Y ap ekspilse kèk nasyonalite soti Etazini al nan peyi Meksik, oswa soti Etazini pou al nan peyi orijin yo san okenn konsekans pou imigre a lavni.

Aplikasyon Tit 8 la :

  • Y ap plase w nan pwosesis imigrasyon pou depòtasyon.
  • Y ap depòte w soti Etazini al nan peyi Meksik oswa nan peyi orijin ou.
  • Y ap mete entèdiksyon pou w tounen antre nan peyi Etazini pou pi piti 5 lane si yo depòte w.
  • Y ap angaje pouswit kriminèl kont ou si w tounen antre Ozetazini aprè yo te depòte w.

Anba Tit 8, moun ak fanmi ki rive san otorizasyon yo pral sijè a depòtasyon epi etranje yo ka retounen nan peyi orijin yo. Pa mete lavi w an danje lè w fè yon vwayaj danjere sèlman pou yo voye w tounen. ( Sa vle di si w se  Ayisyen ki t ap viv Chili, Brezil Oswa Meksik ak rezidans,  si tonbe anba Tit 8 y ap depote direk Ayiti; sofsi ou ta gen nasyonalite peyi kote w soti y ap depote w nan peyi sa.