"Welcome US" si w pa gen esponnsò

Rédigé le 19/04/2023
Justin Gilles (Loop Haiti)


Men kijan pou aplike nan pwogram «Welcome US» la si w pa gen esponnsò

Plis pase 11 000 ayisyen deja jwenn otorizasyon pou antre Ozetazini nan pwogram imanitè gouvènman ameriken an ki rele «Humanitarian Parole», aprè yon fanmi oswa yon zanmi te aplike pou yo. Si w pa gen pèsòn ki pou sipòte ou, dekouvri pi ba kijan ou ka jwenn yon esponsò pou benefisye opòtinite sa a.

Otorite ameriken bay migran nan peyi Ayiti, Venezuela, Kiba ak Nikawagwa posibilite pou jwenn yon sipòtè atravè sit entènèt www.welcom.us la.

Men etap yo youn aprè lòt.

1. Sou yon telefòn entèlijan, tablèt oswa odinatè, ale sou sit Welcome.US la: https://welcome.us/uscis-sponsorship

2. Aprè sa wa p gade anlè epi adwat ekran, w ap klike sou «Find Ressources ». Tousuit aprè wa p klike sou kote ou wè ki ekri «For Qualified Newcomers», epi klike sou « For Cubans, Haitians, Nicaraguans, Venezuelans seeking sponsors ».

3. Nan nouvo paj ki louvri a, w ap gade pi ba epi klike sou «Register on welcome connect».

4. Annaprè, paj ki rele «Find a Sponsor» a ap louvri, epi w ap chwazi «Program you are applying for ». Lè w fini w ap chwazi «Haitians».

Nan kad aplikasyon sa, y ap montre moun k ap aplike a kote pou li mete tout enfòmasyon pèsonèl li, tankou non, adrès ak imèl.

Enpòtan:

Lè pwogram nan te lanse, ou te ka enskri ladan l chak 15 nan yon mwa, apati 11 zè nan maten. Men koulya, sit la anonse y ap pran enskripsyon yo chak 3zyèm madi nan mwa a. Sa vle di pou mwa avril la, se ap madi 18 la pou w monte sou platfòm nan.

Lòt dat pi pwòch yo se 16 me ak 20 jen. 

Aplikasyon yo ap louvri a 11 è nan maten, nan lè Ayiti a.

Sous: Justin Gilles (Loop Haiti)