Program Biden/ Viza Imanitè Etazini

Rédigé le 23/04/2023
T-Zen


Kesyon: Si sipòte m nan pa gen ase resous pou I sipòte m, èske yon lòt moun ka mete avè I pou sipòte m?
Repons: Plizyè sipòtè ka mete tèt yo ansanm pou sipòte yon benefisyè. Nan ka sa a, yon sipòtè ta dwe ranpli yon Fòm I- 134A epi mete prèv siplemantè ki montre idantite sipòtè adisyonèl ak resous yo dwe bay, epi mete yon deklarasyon ki eksplike entansyon yo genyen pou pataje responsablite pou sipòte benefisyè a. Yo pral evalye ansanm kapasite sipòtè sa yo genyen pou yo sipòte yon benefisyè.