Rezidans Tanporè RD

Rédigé le 11/09/2023
T-Zen


APLIKASYON REZIDANS TANPORÈ

Se yon  rezidans ke Sen Domeng bay yon etranje pou  yon ane. Ann li verifye tout sa w dwe konnen pou aplike pou dokiman sa a. 

Kòman pou  aplike anliy.

1.       Antre sou sit entènèt  DGM: https://personal.migracion.gob.do/ 

2.       Anrejistre w nan sistèm nan (Si ou anrejistre deja, antre kont ou ak modpas ou).

3.       Chwazi opsyon “LISTA DE APLICACIONES”, nan lis sèvis ki disponib yo, chwazi sa ou pral chwazi a, konplete enfòmasyon yo mande yo nan fòmilè yo.

4.       Sistèm nan ap baw plis detay sou stati aplikasyon w nan.

 Kisa yo Mande :

  1.  PASAPÒ Ak dizwit  (18) mwa valid pou pi piti. Nan ka sa-a,  D.G.M. fleksib avèk tèm nan e konsidere nan chak ka reyalite de chak peyi ak egzijans nòm li yo nan ekspedisyon paspò li yo.

  2.  VIZA  REZIDANS (RS) Se (MIREX) Ministè Relasyon Esteryè, a travè konsila dominiken ki ayiti ki bay li.

  3.  BATISTÈ Legalize.

  4.  SÈTIFIKA BÒN VI E MÈS, Ke otorite konpetan peyi kote moun nan rete depi 5 ane, legalize e tradwi an espanyòl si li nan yon lang ki pa espanyòl. Si peyi a diferan de peyi dorijin moun nan, li dwe sètifye ak yon dokiman idantite pesonel de peyi kote moun nan deklare li te rete depi 5 lane.  Si etranje a rete an Repiblik Dominiken depi 5 ane e si li te vwayaje nan peyi li poui te al mete viza rezidans la pou l ka mande rezidans tanporè a, moun nan dwe al mande sètifika bon vi e mès li nan peyi kote soti a.

  5.   KAT (4) FOTO Resan gwosè  2 X 2 de fas, e kat (4) foto de pèfil dwa, san bijou e zòrèy yo dwe paret; e foto a dwe gen fon blan. Foto yo dwe menm.

  6. AK MARYAJDEKARASYON DE SELIBATÈ OU PRÈV VIV NAN  PLASAY, Si l aplike, moun nan dwe legalize ak maryaj la si moun nan te marye nan yon lòt peyi, li ka bay yon kopi ki lizib e ki legalize.

  7.  ASIRANS   De yon konpayi asirans otorize pa Direksyon General Migrasyon (DGM) (COMERCIAL DE SEGURO, SEGURO PATRIA Y DOMINICANA SEGURO).

Sous: DGM R.D.