Avan w fè Aplikasyon Viza Kanada

Rédigé le 03/05/2023
T-Zen

Avan w fè Aplikasyon Viza Kanada

Anvan w pran yon desizyon pou yon aplike pou viza touris pou kanada,  ou dwe konsidere sa yo:

  • Enfòmasyon ki nan dokiman vwayaj ak dokiman idantite dwe kòrèk;
  • Bay yon rezon jistifikatif ki fè w vle vizite Kanada
  • Ki relasyon ak koneksyon  ou gen ak moun nan Kanada (Zanmi, frè-sè, mari-madam…)
  • Ki lyen ou genyen ak peyi kote w rete a (Ou fèt nan peyi oswa ou gen rezidans oswa ou gen nasyonalite a, w ap travay nan peyi , w ap viv an fanmi…)
  • Eske w gen kapasite ekonomik pou peye vwayaj la epi sipòte tèt w pandan jou w ap fè yo
  • Pa depase kantite jou yo mande pou yon touris fè nan peyi a.

N ap vin ak plis enfòmasyon pou ou sou Kanada, rete konekte.