Foodstamp vs Sosyal nan Florida

Rédigé le 03/03/2024
T-Zen

Foodstamp vs Sosyal nan Florida

  • Nan Florida, si w vini nan program Biden oswa CBP One, si w aplike pou foodstamp nan menm moman ou aplike pou kat travay. Biwo foodstamp la voye w aplike pou yon kat sosyal sekirite.

 

  • Antre tan tou USCIS voye mande yon kat sosyal sekirite pou ou tou, si w te di w pa ko gen sosyal sekirite nan aplikasyon an. Gen posiblite pou w resevwa 2 nimewo sosyal sekirite diferan.

 

  • Sa pou w konprann, sosyal sekirite ou jwenn apati de foodstamp la pa valid pou travay. Si w te gentan fè kèk papye ak li tankou lisans, kanè bank, li ta p bon pou retounen nan biwo sa yo pou mande yo chanje sosyal sekirite a.

 

  • Li pi enpòtan pou w itilize nimewo sosyal sekirite USCIS voye ba ou anba kat travay la. Paske se li menm k ap pèmèt ou travay epi fè tout tranzaksyon enpòtan yo. Konsa tout dosye w dwe fèt ak sosyal sekirite ki vini sou kat travay la.

 

  • Mwen presize Florida men m panse l kapab menm bagay la pou lòt eta yo. M pa konnen si yo mande moun yo aplike pou sosyal sekirite lè yo aplike pou foodstamp. Se vre se yon program federal men chak eta yo kapab mennen l yon fason diferan.

T-Zen disponib tout kote. tanpri vizite nou:

Abone ak YouTube T-Zen an : https://youtu.be/SElJbq9_7Uo 

Swiv nou sou Facebook: https://www.facebook.com/tzencht  

Telechaje T-Zen App sou Play Store : https://bit.ly/2QMF8gm 

Telechaje App T-Zen sou Appstore: https://apps.apple.com/es/app/t-zen/id1596886769?uo=4 

Abone a Tik Tok T-Zen: https://www.tiktok.com/@tzen77?_t=8jyY8hbx7Fl&_r=1  

Vizite Sit Web T-Zen : https://tzen.cl/ 

Instagram: https://www.instagram.com/tzen77/ 

X: https://twitter.com/Tzencht