TRAVAY POU KOMINOTE AYISYEN K AP VIV NAN VIL MEKSIKO-ANBASAD AYITI NAN MEKSIK.

Rédigé le 02/05/2024
T-Zen

TRAVAY POU KOMINOTE AYISYEN K AP VIV NAN VIL MEKSIKO-ANBASAD AYITI NAN MEKSIK.

 

Tande byen: Moun ki konnen yo pa p ka rete Meksik lè CBP-1 yo ou byen BIDEN yo tonbe, pa dwe aplike pou pwogram sa paske depi ou siyen kontra, w ap oblije respekte kontra w.

Anbasad Ayiti nan Meksik, nan tèt kole ak otorite Meksiken yo ap konekte Ayisyen, ki deside rete viv nan peyi Meksik e ki bezwen travay, ak kèk antrepriz Meksiken k ap ofri travay nan Vil Meksiko.

Jedi 2 me 2024, Soti 9:00 AM rive 6:00 PM, nan Anbasad Ayiti ki nan Meksik pase vin postile pou yon travay. Y ap pran moun pou : Kesye, ranje ak anbale pwodwi, agrikilti.  Moun antrepriz yo chwazi, y ap tou jwenn dokiman legal pou yo travay.

Adrès:Sierra Vertientes N° 840, Lomas de Chapultepec, 11000, CDMX 

Gen 2 liy kamyon ki pase toupre anbasad la:

1- Kamyon koulè Mov (Kilomèt 13) ki sóti Bosque de Chapultepec ki pral Auditorio Nacional

Pou n al nan Ambasad la, nap desann nan estasyon ki make : Palmas con Montañas Rocallosas

2- Kamyon koulè Vèt ki sóti Auditorio Nacional ki pral Santa Fe e ki pase Palmas

Pou nal nan Ambasad la, n ap desann nan estasyon ki make: Palmas con Montañas Rocallosas

 

Sous: Anbasad Ayiti Meksik