Kòman yo kreye antrepriz nan Chili

Rédigé le 15/04/2019
T-Zen


Kòman yo kreye antrepriz nan Chili

Gen 2 fason ou ka kreye yon antrepriz  nan Chili:

  1. Empresa En Un día 
  2. Empresa Tradicional

Empresa en un día

Empresa en un día se yon sèvis an liy  kote ou ka anrejistre antrepriz sou sit entènèt la Li pèmèt ou gen RUT pou antrepriz la, fè inisyasyon aktivite nan SII (Servicio Impuesto Interno), kòmanse vann epi fè fakti elektronik  

 Etap a swiv?

  • Kreye yon kont sou sit la :  http://www.tuempresaenundia.cl
  • Ou ka chwazi ki tipantrepriz: EIRLSpA oubyen SRL ap tou disponib pou opere.
  • Siyen dokiman kay notè, pri pou fè sa varye de 8.990 jiska 24.000 peso chilyen.
  • Reyalize pwosesis Inicio de actividad la nan SII pou nou ka jwenn RUT antrepriz la
  • Apre ou fin genyen tout sa yo, w’ap gen bezwen faktirasyon elektwonik (Facturación Electrónica).

Empresa Tradicional

Nan tip antrepriz tradisyonel la y ap ba ou : Yon Escritura Publica, y ap pibliye antrepriz la nan Diario Oficial, y ap enskri li tou nan El Conservador de Bienes Raíces, Protocolización ak Extracto

Etap pou kreye  antrepriz sa?

  • W ap pran yon avoka ki pou ekri stati antrepriz la pou ou.
  • Siyen estati  kay notè pandan 
  • Enskri antrepriz la nan el Conservador de Bienes Raíces.
  • Piblikasyon nan Diario Oficial  Chili.
  • Reyalize pwosesis Inicio de actividad la nan SII pou nou ka jwenn RUT antrepriz la
  • Akredite direksyon antrepriz la ak direksyon reprezantan legal la.