Kouman pou jwenn kob AFP nan Chili

Rédigé le 12/03/2024
T-Zen

Kouman pou jwenn kob AFP nan Chili

  1. Cedula : Kat idantite Chili  pa dwe  ekspire. 
  2. Diplòm : Ou dwe gen yon diplòm lekòl teknik oubyen inivesite ki  pwouve ke  w se yon teknisyen oswa yon pwofesyonèl Inivèsitè. Dokiman sa dwe legalize nan peyi kote y ap sòti a (Haiti-Ministe Edikasyon Nasyonal, Ministè Afè Etranjè, Anbasad Chili an Ayiti. Ou dwe tradwi yo tou  epi legalize yo nan peyi Chili nan Ministè Relasyon Eksteryè peyi Chili.
  3. Sistèm Asirans nan Peyi w (ONA):  Ou  dwe fè pati yon sistèm asirans sosyal nan peyi ou (ONA Ayiti) ki kouvri asirans MALADI, ANDIKAP, VYEYES AK LANMO. Sètifika sa dwe sòti nan enstitisyon ki responsab pou sa e yo dwe apostiye "Apostillado" oubyen yo dwe legalize nan Ministè Relasyon Eksteryè peyi Chili. (TRADWI AN ESPANYOL E METE SO ANBASAD CHILI AN AYITI) SETIFIKA SA DWE ESPESIFYE KLEMAN TOUT SA ASIRANS LAN KOUVRI, LI PA DWE TELECHAJE SOU ENTENET).
  4. Kontra Travay : Ou dwe bay Kontra chak travay ou deside retire fon pou yo an. Li dwe genyen kondisyon sa ki di: expresó su voluntad de mantener el régimen previsional al cual se encuentra incorporado en su país / HAITI (anèks a dwe di: mwen eksprime volonte m poum kontinye ak sistem previzyon sosyal ke mwen ladan l lan nan peyi mwen), nan ka ke kontra sa pa t genyen sa yo ladanl, w ap bezwen yon anèks kontra ki genyen kondisyon sa ladann.

Enpòtan:
Nan ka kote diplòm oubyen sètifika asirans sosyal ou an ekri nan lang ki pa espanyòl ou dwe tradwi yo chak nan MINISTERIO DE RELACIONES EXTERIORES nan peyi Chili.

 Dokiman ou bay yo pral genyen pou yo analize yo pa sektè legal nou, kote yo dwe apwouve yo nan 8 jou ouvrab ki kòmanse depi nan dat ou te prezante demand lan, nan ka yo ta rive refize demand ou an, y ap kominike afilye a sa pa yon lèt pa kourye sètifiye.

 Si se yon lòt moun k ap prezante demand lan nan non ou, moun sa dwe gen yon PODER NOTARIAL (Yon Manda) ki endike pwen sa yo tankou TRAMITAR, PERCIBIR Y COBRAR.


OU DWE KONNEN:

 

  • Selon Lwa 18.156 Tout fon etranje yo ap retire yo gen yon taks oubyen Enpo Inik  Dezyèm Kategori ki etabli nan Atik 42 n°1 ki nan Lwa Enpo sou Revni an, k ap afekte montan orijinal kotizasyon fon obligatwa yo, fon volontè yo ak lòt depo ki gen rapò a Revni yo.

 

  • Selon sa ki di nan atik 13 ki nan Dekrè Lwa 3.500 la yo endike ke si ou pran benefis sa yo nan jan sa pa dwe fet lè w prezante dokiman ki pa legal ou veridik oubyen si yon lòt moun ta kache dokiman ki veridik yo fas Administrasyon AFP yo, fas a Konpayi Asisrans yo oubyen fas a enspektè fiskal yo, moun sa ap resevwa yon sanksyon ki gen yon pèn ki etabli nan atik 467 nan kòd Penal peyi Chili a.

Sous: Voz Migrante-AFP 


Byenvini sou platfòm T-Zen. Mèsi dèske w ap swiv nou!. N ap fè w konnen nenpòt enfòmasyon ou bezwen sou imigrasyon ak refijye ( touris, travay, biznis, edikasyon, sante, transpò, kay, aktivite nan diaspora ,  w ap jwenn yo sou App T-Zen gratis ki disponib pou telechaje sou Playstore o AppStore, sou YouTube ak Facebook T-Zen an. Si w pa jwenn enfòmasyon bezwen an, ekri nou n ap chachel pou ou.

 

T-Zen disponib tout kote. tanpri vizite nou:

Abone ak YouTube T-Zen an : https://youtu.be/SElJbq9_7Uo 

Swiv nou sou Facebook: https://www.facebook.com/tzencht  

Telechaje T-Zen App sou Play Store : https://bit.ly/2QMF8gm 

Telechaje App T-Zen sou Appstore: https://apps.apple.com/es/app/t-zen/id1596886769?uo=4 

Abone a Tik Tok T-Zen: https://www.tiktok.com/@tzen77?_t=8jyY8hbx7Fl&_r=1  

Vizite Sit Web T-Zen : https://tzen.cl/ 

Instagram: https://www.instagram.com/tzen77/ 

X: https://twitter.com/Tzencht