Pèmisyon nan travay

Rédigé le 01/01/2023
T-Zen

Pèmisyon nan travay

Travayè nan peyi Chili gen diferan kalite pèmisyon:
Pèmi/konje Matènite ak pèmi konèks:  travayè fanm yo gen dwa a yon konje sis (6) semèn anvan ak douz (12) semenn aprè akouchman. Anplis de sa, yo ka gen dwa a yon pèmi parantal posnatal ki egal a douz (12) semèn apre akouchman an. Gen twa (3) ka konje siplemantè avan (prenatal) oswa apre akouchman (posnatal):
●    Maladi manman an pandan gwosès la.
●    Akouchman aprè sis semèn depi ke peryòd prenatal la komanse.
●    Maladi manman an ke akouchman an lakòz.

Anplis de sa, travayè fanm yo genyen:
●    Dwa a sibvansyon e dwa ak yon pèmi si sante yon timoun ki gen anba 18 lane mande atansyon nan kay paske maladi an grav.

●    Pèmi espesyal si sante yon timoun ki anba 18 lane egzije atansyon pèsonèl paran yo aprè yon aksidan grav ki ta pwodui oswa yon maladi ki nan faz tèminal oswa yon maladi grav, nan faz kòmansman li men ki gen risk pou gen lanmò.
●    Dwa pou travayè a genyen de (2) pòsyon tan kote lè w kole yo, yo pa depase inèdtan pa jou nan objektif pou l bay timoun yo manje. Tan sa konsidere tankou tan travay lè y ap peye l salè li.
●    Pèmi pou l egzese obligasyon sivik li: Patwon an dwe bay jiska de (2) zèdtan pèmisyon pou travayè yo ka al vote. Yo dwe bay pèmisyon tou pou yo aji kòm manm biwo vòt, Sipèvizè biwo vòt oswa kòm delege nan Komisyon Elektoral la, san yon pa wete anyen nan salè mwa yo. Menm jan an tou, patwon an dwe bay travayè yo pèmisyon pou yo enskri nan konsèy elektoral la.
Nesans, lanmò yon timoun oswa lanmò yon mari oswa madanm: Chak travayè gen dwa a sèt (7) jou youn apre lòt kòm konje peye, ajoute sou jou ferye yo san konsidere tan konje nòmal travay li.
konje sendika: Anplwayè yo nan obligasyon bay direktè sendika yo pèmi ki nesesè pou yo ka kite travay yo nan objektif pou yo egzèse wòl yo andeyò espas travay la, ki pa ka pi piti pase sizèdtan nan yon semèn, osinon uitèdtan (8) nan ka ke sendika a genyen 250 oswa plis travayè yo.

Pou Katastwòf: Nan ka ke travayè afekte pa lanmò pwòch li oswa li ta pèdi byen li, li gen dwa pou l pase yon tan ak fanmi li lakay li, oswa kay pwòch fanmi sila a. Menm jan an tou, si travayè a pa nan kondisyon pou l demenaje nan bon jan kondisyon sekirite ke sa mande, se yon mwayen ki sifi pou l  jistifye ratman nan obligasyon travay li toutotan sitiyasyon sa pa rezoud. Kalite pèmi sa depann de bon sans ak bon konprann chak anplwayè montre pou moun ki nan sitiyasyon ekstrèm.

Pèmi pou fè egzamen medikal: Yon fwa pa ane, travayè yo kapab mande mwatye yon jounen travay pou l ka fè egzamen pwostat oswa mamografi, depandan de sèks li, nan enstitisyon sante piblik oswa prive. Pèmi sa itil tou nan ka yon moun ki ta gen pou fè lòt kategori egzamen ki gen pou wè ak prevansyon, tankou Papanicolaou (ke yo itilize pou detekte kansè nan matris).

Sous: Chile Atiende