Dwa travayè sektè komès

Rédigé le 27/06/2018
T-Zen


Dwa travayè sektè komès 

Kòd Travay la fè konnen ke travayè nan sektè komès la ka travay jou dimanch yo, men èdtan nòmal travay nan jou sa yo ap peye yon siplemantè, pou pi piti, 30% an plis valè èdtan travay nan jou nòmal yo.
Travayè sektè komès la gen dwa pou l genyen:

●    Sèt (7) jou dimanch repo pandan chak ane kontra li an valid, plis de (2) dimanch chak mwa ke li pap travay.
●    Nan sa ki gen pou wè ak sèt (7) dimanch sa yo, twa ladan yo ka ranplase pa jou samdi sèlman si gen yon antant alekri ant patwon an ak travayè yo, oswa avèk travayè a oswa ak sendika yo. Men, jou samdi sa yo dwe tonbe nan yon semèn ki gen jou dimanch ki lib.
●    Yo p ap ka peye oswa achte dwa repo jou dimanch lan ak lajan ni kite yo akimile sou plizyè lane.

Enpòtan: Revize nan lang panyòl plis enfòmasyon sou jou travay pandan dimanch ak jou konje nan sektè komès la.

Sous: Chile Atiende