Viza Tech

Rédigé le 04/03/2023
T-Zen


Viza Tech-Visa Tech

Nouvo Viza Tech la se yon inisyativ gwoup InvestChile nan objektif pou senplifye pwosesis jwenn Viza Travay nan yon peryòd ki pa plis pase 15 jou travay, ki son gwo benefis pou konpayi k ap evolye nan domèn syans oswa teknoloji nan peyi Chili oswa aletranje, ak nouvo entrepriz ki yo fè pati Start Up Chile, fasilite yo jwenn  pwofesyonèl ak espesyalis teknik ki pa disponib nan peyi a.

Kiyès ki ka mande Visa Tech la?

Tout konpayi ki nan domèn sèvis teknolojik ak konpayi ki patisipe nan pwogram Start Up Chili ki bezwen anboche travayè etranje ki gen gwo nivo konpetans nan zafè teknoloji oswa lasyans ki pa disponib nan peyi Chili.

Kisa yo mande?

  • Se pou w se yon etranje k ap viv nan peyi Chili oswa andeyò peyi a.
  • Fè yon tit teknik oswa pwofesyonèl nan domèn syantifik oswa teknolojik ak bon jan eksperyans nan zafè inovasyon.

Tout moun ki ranpli kondisyon sa yo dwe gen yon lèt envitasyon ak/oswa yon sètifika parennaj InvestChile nan ka ke se yon konpayi ki gen aksyon etranje ladan l; oswa de Start Up Chile si antrepriz la fè pati pwogram sa, oswa Sousekretarya Ekonomi si se yon konpayi ki anndan peyi a.

Ki etap pou swiv nan pwosesis aplikasyon pou Visa Tech la?

1.- Konpayi an ki enterese aplike pou viza nan InvestChile, ka fè li nan lyen sa a: https://investchile.gob.cl/es/visa-tech-chile/. Nan ka kote travayè etranje a deja nan peyi Chili, li dwe soumèt aplikasyon sètifika patwonaj li a pou pwosesis rapid Visa Travay la.

 

2.- Nan ka kote travayè a aletranje, konpayi oswa entrepriz la dwe voye yon lèt envitasyon sou non li pou jere biznis la. Lèt sa a ap pèmèt travayè a antre nan peyi Chili, fini ak pwosesis anbochaj la epi aplike pou yon Visa Travay. Menm jan an tou, konpayi an dwe anekse ak aplikasyon an tout done espesifik travayè a, toukou sa ki gen pou wè ak idantifikasyon travayè a ansanm ak kontèks travay la.

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou Visa Tech klike sou  lyen  sa epi rezoud tout dout ou yo.