Repo pou travayè yo

Rédigé le 25/06/2018
Interpreta


 Repo pou travayè yo

Repo pou travayè yo se yon dwa ki dwe aplike tout bon vre andedan oswa andeyò jounen travay la :
Pandan jounen travay la: Jounen travay la dwe divize an de (2), avèk yon espas demi èdtan kote travayè a ka pran yon ti goute, se yon peryòd tan ki pa konsidere kòm tan travay. Nan ka ke se yon jounen a tan pasyèl, travay la dwe fèt san kanpe e li pa ka depase 10 èdtan, avèk pou pi piti yon tan poz 30 minit e ki pa ka plis ke inèdtan.


Repo lasemèn: Se yon dwa ke travayè a genyen ki dwe aplike tout bon vre pou jou dimanch yo ak jou konje ke lalwa etabli. Repo sa dwe kòmanse pou pita a pati 9vè nan aswe jou ki vini avan jou dimanch la osinon jou ferye a pou l fini a 6zè nan maten jou ki vini apre youn nan jou sa yo, eksepte chanjman lè ki gen pou wè ak wotasyon pèsonèl travay la.


Repo sou travay kenzèn: Dwe gen yon jou repo ki konpanse jounen dimanch oswa jou ferye kote travayè a travay san kanpe pandan de (2) semèn, plis yon lòt jou ke y ap met sou li. Travay kenzèn la pa ka ale plis pase 12 jou youn apre lòt.


Sous: Chile Atiende