Dwa travay

Rédigé le 20/06/2017
T-Zen


DWA TRAVAY IMIGRAN YO

 

Imigran yo dwe jwi menm trétman ak moun ki fèt nan peyi a nan sa ki gen relasyon ak peyman lòt kondisyon ak travay oubyen djòb.

 

Konvansyon entènasyonal sou proteksyon dwa tout travayè imigran ak fanmi yo, atik 251.

1. Konvansyon ke Leta Chili te ratifye nan ane 2005. Depi lè sa a li antre anvigè nan peyi nou an, sa ki oblije Leta respekte proteje, garanti dwa ki genyen nan akò entènasyonal sou dwa moun.

 

TRAVAY: SE YON DWA NOU TOUT GENYEN

Jwen yon opòtinite pou gen la vi miyò atravè yon travay ke ou chwazi libreman epi ki aksepte se yon dwa tout moun genyen, kelkeswa nasyonalite oubyen peyi kote w soti.

DWA TRAVAY POU MOUN ETRANJE YO NAN CHILI

Moun etranje ki ap travay nan chili gen menm dwa nan travay ke chilyen yo an, patikilye yo gen dwa:

  • Gen yon kontra travay ekri.
  • Jwi menm kondisyon travay nan sa ki gen a wè ak: 
  1. Salè
  2. Orè travay lè siplemantè.
  3. Repo fen semen, ak vakans peye.
  4. Sekirite sosyal, sante, dwa peryod nesans anvan ak apre akouchman.
  • Jwi kondisyon mìnimum nan sante, ijèn ak sekirite nan espas travay la.
  • Kreye ak patisipe nan òganizasyon sendikal.

 

VIZA POU TRAVAY NAN CHILI

Ekziste 2 tip viza ki pèmet yo tavay nan Chili: viza rezidans pou motif travay ak viza rezidans sijè travay. Jan w ka swiv nan dezyèm kare a, viza tanporè pou motif travay ofri ou plizyè benefis, pou tèt sa li pibon pou w chwazi opsyon sa a.



Si li pa gen aksè a entènèt, li ka genyen enfòmasyon nan depatman etranjè ak migrasyon
oubyen rele nan nimero sa a  600 486 3000.


EKZIJE CONTRA TRAVAY OU

Fanm kou gason gen dwa pou fómalize relasyon travay avek patron travay atravè yon kontra travay ki siyen kay notè pou tou de pati mare obligasyon pou bay sèvis pèsonèl anba depandans yo chak , patron peye salè pou sèvis sa yo.

Dokiman sa a dwe parè apati yon akò lib antre patron ak travayè san yo pa enpoze pyes nan yo, kontra travay la enpòtan paske se yon dokiman ki pèmèt yo rezoud konfli ki ka prezante, pou ka al kote otorite ki konsène nan kote yo pa respekte akò ki te siyen yo.

Kontra pou travay ou dwe fèt nan lang panyòlli dwe fèt nan akò ak lwa travay chilyen pou tèt sa li dwe espesifye:

  • Dat li konmanse relasyon travay la
  • Salè lap gen pou resevwa a
  • Kote travay la ye a
  • Kantite lè jounen travay la
  • Fonksyon li ap gen pou l ranpli
  • Kiyes ki patron li

Patron an gen pou obligasyon peye nan moman opòten asirans sante ki koresponn nan Fon Nasyonal Sante (FONASA) oubyen nan enstitisyon sante previsyonél, (ISAPRE) avék administraté fon vyeyès (AFP).

Nan Chili jounen maksimum nan se 40 è tan chak senmen,  yo dwe genyen yon poze minimum30 minit pou manje oubyen kolasyon. Nan oken ka yo pa dwe travay 10 è tan pa jou. Si l travay plis tan ke sa yo te siyen nan akò kontra travay la, li gen dwa pou l ekzije yo peye l lè siplemantè, lè ki dwe kalkile ak yon valè adisyonèl yon 50 pou 100 san relasyon ak valè lè nòmal li.

 

AKÒ CONTRA A DWE GENYEN:

Nan ka imigran yo, kontra yo dwe siyen kay noté, li dwe toujou genyen akó espesyal sa yo:


1. Dire kontra a:
Li gean ak wé ak kilè kontra ap konmanse. Akó sa yo dwe ekri nan sans sa yo:

“Obligasyon pou prete sévis atravé kontra sa a, ka rive akonpli lè travayé a genyen viza rezidans ki korespon nan chili oubyen pémisyon espesyal pou travay tankou etranje ki gen vizan li an prosesis.”

2. Rejim pansyon
Li refere ak sistém pansyon ki ekziste nan peyi a ki jere atrèyon administaté fon pansyon (AFP) akó sa yo dwe ekri kosa.
“Promèt ke travayè ap kotribye nan rejim pansyon chilyen an kote patrón an ap retire frè yo epi bay nan enstitisyon ki la pou sa.”

3. Enpo sou Revni
Li refere ak enpo ke yo dwe peye paske w ap resevwa yon salè. Akò dwe ekri konsa:
“Patrón gen obligasyon pou peye inpo sou revni ki korespon en sou salè moun nan touche” (selman salè ki plis ke 13.5 UTM)”.

Adisyonèlman “Viza Sijè Contra travay” dwe genyen akò sa yo:

4. Kondisyon vayaj.

Li refere ak akò ki siyen kote patrón an gen pou peye tikè pou travayè retounen lakay li lè relasyon travay la fini, akò sa a dwe ekri konsa:

“Patrón an promèt peye , lè travay la fini (menm si paske kontra pran fen , paske travayè renonse, revoke) peye tike pou travayè a tounen nan peyi li ak tou manm fanmi li, nan peyi kote yo te mete yo dakò lè konta a tap siyen, nan akò ak aktik 37, 2º dekre lwa nº 597 de 1984. Li dwe esplike obligasyon patrón an genyen jiskaske travayè a kite peyi a, oubyen genyen nouvo viza, oubyen pèmanans definitif.”



Piga ou janm bay patron oubyen pyès moun paspò ou oubyen dokiman idantite original, sa limite libète w pou fè mounvman nan peyi a ou ka victim m abi, vyolasyon oubyen oblije w fe sa ou pa vle, vizite www.indh.cl

 

SI YO VYOLE DWA TRAVAY

Nan ka kèk nan dwa travay yo ta vyole, tankou paekzamp, li pa konpli kontra travay la, yo pa peye ou a lè, oubyen yo pa peye kotizasyon w yo, yo pa konpli nòmsante ak sekiritenan travay la ou ka:

  • Prezante yon plent konfidansyèl nan biwo enspeksyon travay ki pi pre w la.
  • Prezante yon reklam nan biwo enspeksyon travay ki pi pre ou, prezante dokimanidantite w, non l ak tou rezon sosyal patrón an kote biznis la ye a.

Si ou santi dwa travay ou vyole paske ou se yon etranje oubyen pou yon lòt rezon, ou ka pote plent mande rekou proteksyon oubyen èd akonpanyeman de yon avoka nan defansè travay nan kòporasyon sasistans jiridik, pou ka kontakte yo, vizite justiciateayuda.cl oubyen rele nan telefon sa a 600 440 2000 oubyen 22 362 8200 nan telefon ou.

​​Nan menm sikontans la, ou ka mande oryantasyon legal nan lòt òganizasyon ki ede imigran:

​Sèvis Jezwit pou imigran ak refije yo (SJM)
Web: sjmchile.org / Telefon 22 838 7560

Fondasyon èd sosyal legliz kretyèn (FASIC)
Web: fasic.org / Telefon 22 695 75 34

 

POU PLIS KONESANS

  • Se yon dwa moun etranje yo jwi kondisyon travay: jis ak favorab ki pwoteje yo.
  • Pak entènasyonal sou Dwa Economik, Sosyal epi Kiltirel
  • Konvansyon Internasyonal sou Proteksyon dwa tout Travayè Etranje ak tout Fanmi yo.
  • Dwa moun se tout sa ke tout moun genyen pou sèl rezon yo ekziste, san konsidere nasyonalite, laj, seks, oryantasyon seksyel, idantite, fanm ak gason, lang, relijyon, idantite kiltirèl, opinyon politik oubyen de nenpòt lòt nati, orijin sosyal, pozisyon sosyoekonomik, nivo edikasyon,kondisyon migratwa, refijye,rapatriye, san peyi, deplase andan peyi a, kokobe oubyen nenpòt lòt kondisyon sosyal. Prensipal rektè dwa moun se respè pou diyite moun ke tout moun dwe genyen menm egalite pou tout moun kap viv.

 

KONTAK ENPÒTAN

Direksyon Travay
www.dt.gob.cl
Telefon: 600 450 4000

Depatman Etranjè ak Migrasyon
www.extranjeria.gob.cl
Telefon: 600 486 3000

Depatman Legalizasyon Ministè Relasyon Exteryè
www.minrel.gob.cl
Direksyon: Agustinas 1320, piso 1, Santiago.
Telefon: 22 827 46 14/ 22 827 46 15

Kòporasyon Asistans Jiridik
www.justiciateayuda.cl
Telefon: 600 440 2000 ó 22 362 82 00
Tape l nan telefòn ou



Instituto Nacional de Derechos Humanos

www.indh.cl

​​