Kondisyon pou travay nan Chili

Rédigé le 05/12/2016
T-Zen


Kondisyon pou travay nan peyi Chili

Pou travay Chili, patwon an (konpayi an oswa moun ki anplwaye ou an) dwe respekte kondisyon sa yo:

  • Konpayi a, enstitisyon an  oswa patwon an  dwe gen rezidans legal nan peyi  Chili pou l ka bay anplwaye etranje  kontra travay
  • Fòk patwon an ak anplwaye a (oubyen moun ki reprezante amplwaye) siyen kontra travay la  devan yon notè nan peyi Chili.
  • Pwofesyonèl oswa teknisyen espesyalize dwe valide diplòm yo genyen an, byen  legalize yo nan Konsila Chilyen ki  nan peyi kote etranje a sòti a ,  epi aprè nan Ministè Afè Etranjè ki nan  peyi Chili.
  • Pyès travay pa dwe gen aktivite  ki ka reprezante yon danje oswa yon  menas pou sekirite nasyonal peyi Chili.
  • Kontratasyon yon anplwaye dwe konfòm ak tout dispozisyon ki gen rapò ak travay ak sekirite sosyal, anplis de sa li dwe respekte lwa   Depatman Etranje ak Migrasyon  ak  Ministè Enteryè ki gen awè a viza pou kontra travay.

Sous: Direksyon Travay, Gouvènman Chili