Konsèy pou siklis

Rédigé le 27/06/2018
T-Zen

Konsèy pou siklis: Kijan pou w monte sou bisiklèt nan vil Santiago?

Siklis:

Li pa fasil pou sikile sou bisiklèt si w pa konnen tout kategori bagay k ap sikile nan tout lari Santiago. Pou w pa gen pwoblèm, li enpòtan pou w konnen yo. Ka ki pi klasik yo se:

Chen ki pèdi: kategori sila a sèlman wè kawoutchou bisiklèt ou a tankou yon bagay pou l mete dan ladan l, okenn rezon p ap fè l kanpe. Nan ka sa a, m ap konseye w pandan yon ti moman pou w mache sou de pye w tankou yon pyeton, epi ti pa ti pa ekate w de teritwa li an, pa rele sou li, paske w ap sèlman fini pa provoke li plis toujou.


Chofè taksi: Kategori sa a sikile sou yon machin nwa ak yon kapo jòn, relasyon siklis la ak yo menm se yon relasyon kote youn pa vle wè lòt, paske yo santi ke lari a se pou yo sèlman li ye, yo pap janm ba ou pase, menm si w ta genyen priyorite. Nan ka sa, mwen rekòmande ou kontinye chimen ou, paske vil Santiago a kapab parèt tro piti pou yo fonksyone.


Chofè bis yo: Yo se Moby Dick (gran kachalo blan) nan Santiago, yo twò pwisan pou w konbat yo. Yo pa rayi ou, yo jis pa ba w regle anyen pou yo, yo menm dispoze pase sou ou jis pou yo kontinye wout yo. Nan ka sa a, mwen rekòmande ke ou fè anpil atansyon epi avanse nan mezi ke ou kapab, sinon ba yo pase.

Nan lis twa sa yo gen lòt toujou, fè yon ti vire sou bisiklèt epi rankontre tout kategori ki genyen yo, sèlman si w aplike ti konsèy sa yo, w ap ka siviv.

Otè: Felipe Calvo nan Universidad del Desarrollo