Kat BIP

Rédigé le 26/06/2018
Interpreta

Li se mwayen pou peye anndan sistèm transpò Transantiago a, ki gen ladan otobis yo ak Metro a. Kat Bip! la pèmèt ou, atravè yon pri entegre, itilize yon menm mwayen pèman nan otobis yo ak Metro an oswa konbine youn ak lòt.

Pou kapab itilize kat bip! la, ou bezwen sèlman rechaje li nan nenpòt nan kote sa yo
●    Centros Bip!
●    Puntos bip!
●    Tout estasyon Metro yo
Kalite Kat ki genyen
●    Kat Bip! Nòmal
●    Kat Bipt! pèsonalize
●    Kat Bip! Bank
●    TNE (kat lekòl la)
Kat Bip! nòmal oswa kat ki ka itilize pa moun ki genyen l nan men li an
Li se kat la ki pi itilize nan Transantiago. Jan non li endike an, litilizatè ki genyen l nan men an ka sèvi avèk li, Se poutèt sa li pa kapab bloke si li ta pèdi oswa yo ta vòlè li.
●    Jwenn li nan Sant Bip! yo (Centros Bip!) ak Sèvis lavant pasaj (Boleterias) metro yo.
●    Li koute $ 1,550 peso (se pri plastik la sèlman).
●    Li pèmèt ou rechaje l kantite fwa ou vle.
●    Fè de (2) konbinezon pandan 2 zèdtan epi peye yon sèl fwa (vwayaj entegre a konsidere sèlman yon sèl itilizazyon metro).
●    Rechaj minimòm nan Sèvis lavant pasaj (Boleterias) yo se $ 750 peso, rechaj pou gwo kòb ki se miltip $ 10 posib.
Kat Bip! pèsonalize

Li pèmèt ou bloke kat la epi rekipere balans ke li te genyen sou li avan ke li te pèdi, oswa ke yo te vòlè li. Avantaj li yo pèsonèl kidonk yo paka transfere. Li gen foto, non ak rut ou. Li koute $ 2,800 peso (pri plastik la sèlman). Ou ka jwenn li nan Biwo Sèvis Kliyan yo. Klike la
Kat Bip! Bank
●    Li fonksyone tankou yon kat debi epi li se yon kat Bip! tou.
●    Li fonksyone menm jan ak kat Bip! nòmal la. Se poutèt sa ou dwe rechaje l  pou w sèvi avèk li.
●    Balans ou genyen sou kont kouran ou ou pa gen rapò ak lajan ou genyen sou kat sim kat la. Fonksyon kat Bip! la totalman separe de fonksyon labank la.
●    Paske li se yon kat pèsonalize, li pèmèt ou bloke li si yo ta vòlè li oswa ou ta pèdi li.
●    Bank ki bay kat bip! Bank la se: Banco Estado

Nan ka yo vòlè oswa ou ta pèdi kat ou:
●    Rele oswa kontakte bank ou k ap fè yon lòt kat ranplasman pou ou.
●    Fè blòke kat la nan bank ou pou yo ka responsak dezaktive fonksyon bank li gen sou li an epi jere demand blokaj ak transfè balans lan.
:
Si kat la andomaje:
●    Rele oswa kontakte bank ou k ap ranplase kat la.
●    Pou transfè balans lajan ki sou kat ki andomaje a, mande bank la pou l anchaje l fè transfè balans la.
Nan ka yo fè erè nan touche kob sou kat la:
●    Rele nan 600 730 0073 oswa nan 800 73 0073 opsyon 2.
●    Antre sou sit entènèt kat Bip! la, aprè  sa al nan seksyon “contáctanos”.
●    Si w verifye yo mal touche, nan yon peryòd tan senk(5)  jou, y ap rechaje w kantite lajan yo te pran an plis la, ke w dwe aktive nan yon Infobip!

Nimewo telefòn kontak bank ki bay sèvis sa:
●    Banco Estado: 600 200 7000

TNE - Kat lekòl la:
Se yon kat Bip! pèsonalize ke Junaeb bay e ki gen foto, non ak done etablisman kote etidyan an ap etidye a. Kat sa a bay avantaj pèsonèl kidonk paka transfere. Li pèmèt benefisye aksè ak pri redwi sou mwayen transpò ki asosye ak Transantiago yo, 24 èdtan nan yon jounen, 7 jou semèn nan pandan tout ane a. Sonje ke:

●    Rechaj minimòm TNE a se $ 400 peso.
●    Balans maksimòm nenpòt kat Bip! ki gen ladan l TNE a se $ 25,500 peso.
●    Nan objektif pou garanti yon bon itilizasyon TNE a, etidyan an ap ka konsilte sèlman pri redwi a travè rechaj ak pèyman ki fèt avèk kat TNE a. Sa enplike ke yo sispann lavant tikè lekòl yo nan boletarías Metro yo.

(REMAK: Pwen ki anba yo konsène tout kalite kat)

●    Lè w  achte, chaje ak / oswa itilize yon kat Bip! Yo konprann ke itilizatè a aksepte tèm ak kondisyon sèvis ke règleman yo endike.
●    Balans maksimòm nenpòt kat Bip! se $ 25,500 peso.
●    Kat Bip! la ap bloke pou yon ti tan si ou pa chaje l oswa ou pa itilize l pandan yon (1) ane.
●    Pou w debloke li ou, w ap sèlman mete kòb sou li, li kenbe balans li te gen sou li an.
●    Si ou pa chaje oswa sèvi avèk li pandan 2 zan ou dwe swiv menm pwosedi a, men w ap pèdi balans la.

 

Sous: Ministerio de Transporte y Telecomunicaciones