Sistèm bisiklèt piblik

Rédigé le 26/06/2018
Interpreta

Bikesantiago se sistèm entèkomin bisiklèt piblik nan vil Santiago Chili, epi se  yon chwa ekonomik epi ki san danje pou asire transpò w anndan kapital la. Li genyen tou yon kouvèti asirans aksidan pou siklis yo.

Kòman li fonksyone?


Pou itilize bisiklèt Bikesantiago a, ou dwe peye sèvis abònman avèk Cuenta RUT, kat kredi oswa kat debi. Men etap yo:

●    Rantre enfòmasyon ou nan www.bikesantiago.cl oswa al nan sant sèvis yo.
●    Resevwa kat ki pote non “B-card” nan adrès lakay ou.
●    Retire san lajan bisiklèt la nan nenpòt estasyon ou jwenn avèk “B-card” ou epi itlize l’ anndan vil la.
●    Retounen bisiklèt la nan nenpòt ki estasyon ki fèt pou sa.
Ki pri ki genyen?
Genyen de (2) sistèm pri nan BikeSantiago:
B-card Orange: Pri li chak mwa li se $ 7,990 peso, $ 39,990 peso chak si (6) mwa ak $ 79,000 peso chak ane. Premye 30 minit itilizasyon bisiklèt la gratis.  Pri w peye a depann de kantite minit ou pase nan itilize bisiklèt la. Pa egzanp, ant 31-60 minit, ou peye $ 700 peso, ant 61-90 minit, ou peye $ 1,400 peso, soti 91 pou pi wo, ou peye $ 2,800 (se pri chak demi-èdtan ki pase an plis).

B-card Black: Pri li chak mwa se $ 11,990 peso, $ 59,990 peso chak si (6) mwa ak $ 119,990  peso chak ane. Premye 60 minit itilizasyon bisiklèt la gratis. Pri w peye a depann de kantite minit ou pase nan itilize bisiklèt la. Pa egzanp, 61-90 minit gen yon pri $ 1,000 sèlman nan plan chak mwa, 91-120 minit gen yon pri $ 2,000 pesos.

Jwenn kote ki bay sèvis BikeSantiago nan:
●    Mall Costanera Center, ubicado en Vitacura con Nuev Tobalaba
●    Metro Pedro de Valdivia, ubicado en Nueva Providencia con Marchant Pereira
●    Plaza de Armas, ubicado en Monjitas con 21 de mayo.
●    La Moneda, ubicado en Teatinos con Moneda
●    Agustinas, ubicado en  Agustinas con Bandera
Pou plis enfòmasyon sou pri, sistèm pèman oswa fason pou kontrakte sèvis la, antre sou sit entènèt:
http://www.bikesantiago.cl/

Sous: Bike Santiago