Kijan ou ka fè pou w gen pèmi kondwi nan peyi Chili

Rédigé le 26/06/2018
Interpreta


Si ou nan peyi Chili epi se premye fwa ou ta renmen gen pèmi kondwi, ou dwe ale nan “Dirección de Tránsito Municipal” nan komin kote w ap viv epi mande pou pase egzamen teyorik ak pratik ak medikal ou. Nan ka ou pa pale Panyòl, ou dwe aprann li, paske nan majorite minisipalite yo egzamen yo fèt nan lang Panyòl, kidonk konn pale lang lan fondamantal lè ou bezwen gen pèmi ou. Nan ka sa enterese w, konsilte dirèkteman “Dirección de Tránsito Municipal” nan komin ou a, paske gen minisipalite ki pèmèt moun pase egzamen an nan lang anglè.

Pou w  prepare w pou egzamen teyorik la ou dwe etidye liv nouvo chofè a, ki ge ekivalan panyòl li “libro del nuevo conductor “ke ou ka telechaje isit la, nan ka ou pa reyisi egzamen teyorik la ou gen yon peryòd tan ki pa depase 25 jou pou ou remèt egzamen sa yon lòt fwa san ke w pa peye.


Nan ka egzamen pratik la, li dire apeprè 25 minit kote ou dwe kondwi pou pi piti 5 kilomèt wout ke moun k ap pase w tès la ap endike w.

 

Dokiman


Lis dokiman ou dwe prezante pou fè demand pou w jwenn pèmi kondwi tip B a, ki se lisans ki pa pwofesyonèl machin a motè twa oswa kat wou, pou transpò patikilye, se:

●    Kat idantite ki poko ekspire
●    Fotokopi de (2) bò kat idantite ki poko ekspire

●    Sètifika rezidans ke lapolis (Carabineros) bay. Ou ka mande dokiman sa a ka komisarya lapolis ki pi pre a.


●    Yon sètifika etid ki ekivalan a klas “Octavo Basico” peyi Chili oswa yon sètifika etid siperyè, ki legalize nan Ministè Edikasyon nan nenpòt nan biwo Sekretè Rejyonal Ministè a. Nan ka peyi ou a pa fè pati konvasyon sou apostiy la, ale nan anbasad oswa konsila peyi ou a.

Ki pri yon pèmi kondwi?

Pèmi kondwi a koute $ 20,000 peso apeprè men nou konseye w tcheke pri a dirèkteman nan “Dirección de Tránsito Municipal” komin kote w ap viv, paske pri an ka varye dapre komin la.
Nou swete w anpil siksè nan egzamen an!
Enpòtan: Si ou vle konnen plis sou egzamen yo epi prepare anvan ou al pase yo, antre nan lyen Comisión Nacional de Tránsito:
https://www.conaset.cl/programa/prepara-examen-conducir/