Transpò piblik: Transantiago

Rédigé le 05/12/2016
Interpreta


Santiago gen yon sistèm transpò piblik  ki rele Transantiago ki gen pakou nan  tout  komin nan kapital la ki ka konbine avèk Metro Santiago.

Pou itilize transpò piblik  la ou dwe achte kat ki rele “Bip”  la nan  biwo ki  nan nenpòt estasyon tren nan Metro Santiago oswa nan sant  Bip yo nan komin kote w rete a, paske yo pap aksepte w peye ak lajan kach.

Tarif

Lè ou peye vwayaj ou ak kat Bit la ! Ou ka fè de (2) transbòde san w pa peye anplis pou sa . Ou ka fè l pandan  (2) dezèdtan (120 minit), depi kòmansman premye voyaj la  oubyen depi premye son Bip la! (Men se toujou nan  menm sans (sans inik) lan ou ka fè sa, ou pa ka repete pakou yo). Sèlman yon sèl transbòde  ou ka itilize nan tren an.

Tarif ki ba pri

Si w’ap vwayaje nan tren nan  entèval lè sa yo 6:00 AM a 6:29 AM oubyen ant 8:45 PM a 11:00 PM, tikè ou ap koute ou $ 610 peso chilyen. Si aprè vwayaje nan tren an, nan menm lè a, ou vle pran bis (micro) tou, y’ap retire nan balans la pou yo ka konplete tarif sistèm ki se $640 peso chilyen.

 

Tarif “Valle”

Si w’ap vwayaje nan tren nan lè ‘’Valle”, sa vle di  de lendi a vandredi  de 6:30 AM a 6:59 AM,  de 9:00 AM a  5:59 PM  oswa  de 8:00 PM a  8:44 PM, w’ap gen pou peye $ 660, samdi, dimanch ak jou ferye yo ladann tou.  Si aprè vwayaje nan tren an, nan menm lè a, ou vle pran bis (micro) tou, yo p’ap gen pou peye anplis ($ 0). Tarif “Valle” tren sèlman $660 pesos e pou bis  (micro) se sèlman $ 640 pesos.

Tarif Pik

Nan lè pik  yo (kote gen anpil moun k’ap monte tren an), nan maten ant  7:00 a 8:59 epi nan aprèmidi ant 6:00 a 7:59, depi w pase kat BIP la w’ap peye $ 740.

Li enpòtan pou konnen ke pri tikè  nan tren yo   varye  selon orè  vwayaj la, poutan nan bis yo pri a rete san chanjman pandan tout jounen an.

Donk nan tren yo gen  tarif ba pri ki se $ 610 ,  tarif nan  lè “valle”  ki se  $ 660,  e tarif nan lè pik yo ki  se   $ 740 .

Tarif pou Etidyan

Tarif pou elèv ki  nan edikasyon segondè yo  ak sila yo ki nan inivèsite yo se $ 210. Elèv yo kalifye pou menm benefis la nan entegrasyon tarif  nòmal la , sa vle di yo ka fè jiska (2) de  transbòde pandan  120 minit. Nan ka ke yo ta konbine voyaj yo ak tren nan lè pik yo, yo p’ap peye pyès kòb an plis. Yo ka jwi de benefis sa a 24 èdtan nan yon jou, 7 jou nan yon semèn pandan tout ane a.

Tarif  Tigranmoun

Tarif espesyal pou tigranmoun yo nan tren yo se $ 210. Tarif sa aplike nan lè “Valle”, nan lè ba pri, nan lè pik  pandan maksimòm (2) de vwayaj pa jou. Benefis sa a aplike sèlman pou  tikè ke yo  achte dirèkteman nan estasyon tren an. Pou jwi tarif sa fok ou gen 65 ane ou plis si w se gason ;  ak 60 ane ou plis si w se fanm ; oswa ou gen  pansyon, asirans medikal oubyen ou   pran retrèt.

Sous: Ministerio de Transporte y Telecomunicaciones.