Konsèy pou siklis
T-Zen el 27/06/2018

Konsèy pou siklis

Konsèy pou siklis: Kijan pou w monte sou bisiklèt nan vil Santiago?

Kat BIP
Interpreta el 26/06/2018

Kat BIP

Li se mwayen pou peye anndan sistèm transpò Transantiago a, ki gen ladan otobis yo ak Metro a. Kat Bip! la pèmèt ou, atravè yon pri entegre, itilize yon menm mwayen pèman nan otobis yo ak Metro an oswa konbine youn ak lòt.

Sistèm bisiklèt piblik
Interpreta el 26/06/2018

Sistèm bisiklèt piblik

Bikesantiago se sistèm entèkomin bisiklèt piblik nan vil Santiago Chili, epi se yon chwa ekonomik epi ki san danje pou asire transpò w anndan kapital la. Li genyen tou yon kouvèti asirans aksidan pou siklis yo.

Taksi komen
Interpreta el 12/12/2016

Taksi komen

Nan plizyè komin nan Santiago ou kapab sikile nan taksi komen yo, yo se machin ki sanble ak lòt taksi yo, men ou pataje menm taksi sa ak lòt pasaje e ki gen yon wout ki deja detèmine. lè w deside sikile nan youn nan yo mande chofè a pri a ak pakou li.

Kisa plas (Chèz) patikilye yo ye?
Interpreta el 12/12/2016

Kisa plas (Chèz) patikilye yo ye?

Tout bis Transantiago yo ak tren Santiago yo gen plas patikilye, yo make ak yon otokolan ki gen senbòl entènasyonal yon chèz woulant ( chèz la gen koulè blan e li ankadre an ble) ki endike ke plas sa yo yo rezève pou moun ki andikape yo, fanm ansent ak granmoun aje,paske nan peyi Chili yo gade sa mal lè yon moun chita nan plas preferansyèl yo san yo pa nan lis moun sa yo ke nou site anlè.

Transpò piblik: Transantiago
Interpreta el 05/12/2016

Transpò piblik: Transantiago

Santiago gen yon sistèm transpò piblik ki rele Transantiago ki gen pakou nan tout komin nan kapital la ki ka konbine avèk Metro Santiago.