Live T-zen Dwa ak Sante Timoun

Rédigé le 24/11/2019
T-Zen

Dwa ak Sante Timoun (Derecho y Salud del Niño ): Live T-zen 23/11/19

Nan kad joune 20 novanm nan se dat UNICEF chwazi pou yo selebre jounen entènasyonal dwa timoun, T-zen Live 23/11/19 a 6 PM (Lè Chili) ap gen 2 jèn k ap entèvni sou tèm sa: Dwa ak Sante Timoun (Derecho y Salud del Niño ).

Envite yo:
-Dr. Jean Telo Noël (Chili)
L ap plise fokis sou Sante timoun yo, kòman sa fonksyone nan Chili
Gradye nan medsin , Universidad Autónoma De Santo Domingo (UASD), Repiblik Dominikèn, 2012. Depi 2016, li nan Chili ap bay kominote a bon jan sèvis nan sante.

-Me. Louino Volcy (France)

L ap plis fokis sou dwa entènasyonal timoun an jeneral.
Li gen yon diplòm “Maîtrise en Droit international” nan Inivèsite Paris 1 Panthéon Sorbonne. Nan moman sa li an Lafrans kote l ap fè yon Master 2 nan “Droit international”.
Li gen yon diplòm lisans nan “ Sciences Juridiques” , Faculté de Droit et des Sciences. Li se avoka nan Bawo Pòtoprens.