Dwa Timoun ak adolesan

Rédigé le 28/06/2018
T-Zen


Timoun ak adolesan yo gen dwa nan peyi Chili

Konvansyon sou Dwa Timoun yo te apwouve nan dat 20 novanm ane 1989 pa Nasyonzini kap chache fè promosyon dwa timoun yo nan monn lan, epi chanje yon fwa pou tout konsepsyon moun nan zafè timoun piti. Peyi Chili ratifye Konvasyon entènasyonal sa a dan dat 14 dawout  1990, ki genyen kat prensip fondamantal: prensip Tout moun se moun san diskriminasyon, prensip enterè siperyè timoun yo, devlopman ak pwoteksyon lavi yo, avèk sa ki gen pou wè ak patisipasyon yo nan desizyon ki afekte yo.

Yo gen dwa pou yo genyen:
●    yon idantite ak yon fanmi:
●    Lavi, devlòpman, patisipasyon ak pwoteksyon.
●    yon non ak yon nasyonalite.
●    Konnen kiyès ki paran yo epi yo pa separe de yo.
●    Leta garanti paran yo posiblite nan objektif pou ranpli devwa yo ak dwa yo kòm sa dwa.
●    Grandi an sante fizikman, mantalman ak espirityèlman.
●    Lavi prive yo respekte.

●    .

Yo gen dwa pou yo eksprime yo libe libè ak dwa pou yo gen aksè ak enfòmasyon:
●    gen pwòp kilti yo, lang ak relijyon.
●    Mande ak distribye enfòmasyon ki nesesè pou ankouraje byennèt yo ak devlopman yo kòm moun.
●    Pou enterè yo se premye bagay yo pran an kont nan sa ki afekte yo, ke se nan lekòl, nan lopital, devan jij pou timoun, depite, senatè oswa lòt otorite yo.
●    Eksprime yo libe libè, tande yo epi pran opinyon yo an kont.

Yo gen dwa pwoteksyon kont abi ak diskriminasyon:
●    Dwa pou yo pa diskrimine poutèt sèlman yo diferan de lòt moun.
●    Dwa pou gen yon kote yo ka ale si y ap maltrete yo oswa fè yo mal.
●    Dwa pou yo pa fòse yo fè travay danjere oswa aktivite ki gen enpak sou sante, edikasyon ak devlopman yo.
●    Dwa pou pèsonn moun pa sèvi ak kò yo kont volonte yo.


Yo gen dwa pou jwenn edikasyon:
●    Aprann tout bagay ki devlope nan pi wo nivo pèsonalite yo ak kapasite entelektyèl, fizik ak sosyal yo.
●    Resevwa edikasyon. Edikasyon primè dwe gratis ak obligatwa pou tout timoun. Tout timoun dwe gen aksè a edikasyon segondè.
Yo gen dwa santi yo an sekirite epi viv sans menas
●    Viv nan diyite, ankò plis si yo genyen yon andikap fizik oswa mantal.
●    Repoze, jwe ak pratike espò .
●    Viv nan yon anviwònman ki pwòp epi jwi kontak avèk lanati.
●    Patisipe nan aktivite lavi kiltirèl kominotè, atravè mizik, penti, teyat, sinema oswa nenpòt mwayen ekspresyon.
●    Rankontre avèk zanmi yo planifye sou pwojè ansanm oswa echanje lide .
Timoun andikape yo gen dwa jwenn yon atansyon espesyal:

●    Timoun ki enfim yo gen dwa a sèvis reyabilitasyon, edikasyon ak fòmasyon ki ede yo jwi yon lavi konplè ak desan.
●    Dwa ak yon tretman espesyal nan ka yo ta prive yo de libète yos.

Sous: Unicef