kouman pou konnen ke se kowona

Rédigé le 22/03/2020
Dr. Emmanuel Mompoint

Ki fason ou ka sispèk se Kowonaviris ou genyen?

Pou  dekouvri ke se kowonaviris ou genyen, ou dwe reyini premye (1) a ansanm ak youn oubyen tou lè 2 lòt kritè (2),(3) sa yo:

  1. Nan ka ou prezante tout oubyen kèk nan siy ak sentom sa yo: fyèv, tous, kò fè mal, gòj fè mal, oubyen nenpòt lòt sentom grip. (Si apa de sentom avan yo, ou ta santi w pa ka respire oubyen w ap toufe: ou dwe ale lopital san gade dèyè)

  2.  Si ou te vwayaje pandan 2 dènye semèn yo an Azi, Ewòp oubyen Amerikdinò (Etazini, Meksik, Kanada) oubyen nenpòt lòt peyi kote gen anpil ka kowonaviris.

  3. Si pandan 2 dènye semèn avan yo, ou te antre an kontak ak yon moun yo dyagnostike ak maladi a.

Mezanmi, an nou evite ale nan ijans lopital yo si nou pa ranpli kritè anlè yo. Konsa, nonsèlman n ap fasilite moun ki malad jwenn swen; men tou, n ap evite ekspoze ak viris la anndan lopital yo.
ANSANM, N AP KWAPE KOWONAVIRIS!