Prekosyon kont Kowonaviris!

Rédigé le 22/03/2020
Dr.Emmanuel Mompoint

Prekosyon ou dwe pran pou w evite trape Kowonaviris!

Ayisyen frè ak sè nou ki nan Chili, toujou sonje mezi prekosyon sa yo fas a kowonaviris la:

  1. Lave men nou byen lave ak savon; oubyen itilize alkòljèl, detanzantan.
  2. Evite manyen oubyen touche figi nou.
  3. Dezenfekte ak alkòl 70 degre ou plis oubyen dlo ki gen klowòks, tout sipèfisi nou plis touche oubyen manyen anndan kay nou, biwo oubyen travay nou.
  4. Evite plede pran lari; sof nan ka li vrèman nesesè.
  5. Touse ak estène nan jwenti ponyèt nou oubyen nan yon kleenex nou dwe jete nan poubèl imedyatman aprè.
  6. Toujou itilize kachne N95 lè nou nan tren, bis, taksi, "colectivo", elatriye.
  7. Evite ale nan ijans lopital yo si nou pa vrèman reyini kritè maladi a.
  8. Swiv ak respekte rekòmandasyon otorite yo.

ANSANM, N AP KWAPE KOWONAVIRIS!