Preparasyon pou ka Ijans

Rédigé le 01/04/2023
T-Zen


Preparasyon pou ka Ijans

Prepare w pou w fè fas a sitiyasyon ijans yo : Aprann konnen kisa w bezwen pou w monte yon kit ijans

Tout moun dwe prepare yo pou yo fè fas a tranblemanntè, tsunami oswa nenpòt lòt kalite ijans, Se poutèt sa Biwo Nasyonal Ijans Ministè enteryè a, ONEMI, mete disponib lis eleman debaz ki nesesè pou yo prepare yon kit  ijans.


Ou ta dwe sere kit  ijans ou yon kote nan kay la ki sou men. Epi tou bagay ki anndan kit  sa ta dwe pèmèt ou fonksyone san problèm pandan 72 èdtan.

Eleman debaz ki pou anndan kit la se:


●    Flach
●    Radyo ki mache ak pil (avèk pil an rezèv)
●    Lajan kach
●    Manje (bwat konsèv, bonbon sereyal ak manje dezidrate)
●    Papye twalèt
●    Batri ranplasman
●    Kit premye swen
●    Kle rezèv kay ak machin
●    Brikè
●    Kle ki louvri bwat konsèv
●    Dlo: Konsidere de (2) lit dlo pou chak moun chak jou. Yo konsèy sèvi ak ti boutèy pito paske li pi fasil pou pote.

Nan ka ou vle konplete kit  la ak lòt bagay, yo rekomande n mete:


●    De (2) lit adisyonèl dlo pa jou.
●    Balèn, brikè oswa alimèt.
●    Rad ak soulye de rechany (pou chak manm nan fanmi an).
●    Sak kouchay oswa dra (pou chak manm nan fanmi an).
●    Atik pou fè twalèt
●    Savon jèl pou lave men.
●    Papye twalèt
●    Istansil kwizin (omwen de (2) chodyè).
●    Sachè pou fatra.
●    Kloroks oswa tablèt pou pirifye dlo.
●    Zouti Debaz: mato, gan, tonnvis, pens, kle, kanif oswa ti kouto.
●    Griy.
●    Siflèt.


Anplis de sa, pou pwopriyetè machin yo rekòmande pou mete yon kit  ijans andedan machin nan ki dwe gen ladan l:
●    Manje ki p ap gate
●    Dlo nan boutèy
●    Dra
●    1 nan rad de rechany.
●    Kit premye swen.
●    Yon pèl
●    Balèn ak alimèt.
●    Ponp pou tenyen dife.
●    Sachè plastik.
●    Flach avèk pil.
●    Zouti ak manch kawotchou.
●    Medikaman enpòtan.
●    Sèvyèt imid.
●    Kat jewografi.
●    Kopi plan ijans fanmi an ak dokiman enpòtan fanmi an.
●     Siyal limyè.


Sous: Oficina Nacional de Emergencia del Ministerio del Interior, ONEMI