Premye Swen

Rédigé le 13/04/2023
T-Zen


Premye Swen: Kategori swen Sistèm Sante Piblik nan Chili

Atansyon swen Sante Primè a reprezante premye nivo kontak moun, fanmi ak kominote yo avèk sistèm sante piblik la, nan ofri swen ak pasyan ekstèn, atravè:

Sant sante (CES), Sant Sante lafanmi (CESFAM)

Sant sila yo bay swen sante de baz, epi poze aksyon ki gen pou objektif fè promosyon, prevansyon, geri, fè tretman, ofri swen nan kay ak reyabilite lasante moun. Diferans ki genyen ant yon CES ak yon CESFAM chita nan fèt ke CESFAM la travay anba modèl sante entegral kote objektif li vize fanmi ak kominote yo, poutèt sa, li mete plis anfaz nan fè prevansyon ak promosyon sante, pandan ke li espesyalman vize fanmi ak kominote yo, bay enpòtans ak patisipasyon kominotè, travay avèk yon ekip profesyonèl lasante ki sèvi fanmi yo nan kesyon lasante ak maladi  soti depi nan gwosès pou rive jis nan laj granmoun nan deplwaye aksyon ki gen pou objektif amelyore kalite lavi moun.

 
Yo bay sèvis nan lè biwo soti depi 8tè nan maten pou rive 5kè nan apremidi, e pafwa jis rive 8tè nan aswè lè sa nesesè.
Popilasyon an chaj: ant 2 mil a 30 mil moun apeprè.


Sant kominotè sante pou lafanmi (CECOSF)


Sant kominotè sante pou lafanmi ofri swen sante debaz e li fonksyone anba titèl yon CES oswa yon CESFAM, depann de yo pou ofri sèvis ki ki konplèks. Objektif li se raproche l de moun ke l ap pote swen lasante bay yo a. Pou pwoksimite l avèk kominote a nan defini bon jan aksyon nan tèt kole ak estrikti ki anlè li a, CECOSF la gen pou objektif rezoud nan fason ki pi apropriye a demand ki gen pou wè ak bezwen lasante popilasyon ke li genyen an chaj la.

Yo bay sèvis nan lè biwo soti depi 8tè nan maten pou rive 5kè nan apremidi, e pafwa jis rive 8tè nan aswè lè sa nesesè.
Popilasyon an chaj: ant 2 mil a 30 mil moun apeprè.


Pòs Sante Riral (PSR)

 


Li ofri swen ki kouvri bezwen lasante nan sektè popilasyon riral yo ak preferans pou devlopman ak proteksyon lasante, promosyon, prevansyon, travay kominotè nan lasante,
pandan ke li refere ak lòt etablisman nan rezo a, sitiyasyon ki gen pou wè ak problèm sante oswa ijans moun nan lokalite a prezante ki pa kapab rezoud nan nivo pa yo. Yo genyen yon teknisyen rezidan paramedik, ki disponib kèlke swa lè a avèk yon sistèm kominikasyon radio ak sant referans yo.

Yo bay sèvis nan lè biwo soti depi 8tè nan maten pou rive 5kè nan apremidi, e pafwa jis rive 8tè nan aswè lè sa nesesè.
Popilasyon an chaj: ant 2 mil a 30 mil moun apeprè.

Sevis Ijans Swen Primè (SAPU)

Sevis Ijans Swen Primè a se yon eleman nan rezo ijans la. Li resevwa sitiyasyon ijans ki mwens konplike yo. Li depann, nan fòm teknik ak administratif, de yon CES oswa de yon CESFAM.

Li ofri sèvis li nan lè biwo, ki kapab koresponn ak:
●    SAPU kout: lendi pou vandredi soti depi 5kè nan apremidi pou rive jiska minwi; samdi, dimanch ak jou ferye yo depi 8tè nan maten pou rive jiska minwi.
●    SAPU long: lendi pou rive vandredi depi 5kè nan apremidi jiska 8tè nan maten jou aprè a ak samdi, dimanch ak jou ferye yo san kanpe.


Sant Kominotè pou Sante Mantal (COSAM)
 

Li se yon pati nan sistèm sante piblik la, ki gen pou objektif reponn a kondisyon sante mantal popilasyon an. Li gen anndan estrateji apwòch li yo, prevansyon ak pwomosyon lasante, entèvansyon terapi konplè, epitou yon wòl pou bay fòmasyon nan “Rezo Sante Minisipal” la, espesyalman nan domèn sante ak edikasyon. Li resevwa epi bay sèvis ak Benefisyè FONASA oswa PRAIS, ki enskri nan Sant Sante Lafanmi yo (CESFAM), Estasyon Medikal Katye yo (EMB) ak / oswa sila yo ki sòti nan lòt ajans Rezo Sante a tankou lopital ak inite sikyatrik yo.

An rezime, yo pèmet doktè, dantis, pwofesyonèl ak teknisyen lasante, plis anplwaye administratif k ap travay nan etablisman nivo primè lasante yo, bay popilasyon an bon jan konsiltasyon medikal ak swen dantè, pran echantiyon pou tès laboratwa, reyalize vizit lakay moun, pwogram vaksinasyon ak bay manje konplemantè, pwosedi pou dyagnostike ak fè tretman ki pa konplike, pratike operasyon ki pa twò konplike ak preskri medikaman. kidonk, sèvis sa yo se yon pati nan yon seri pwogram sante (Ministè Sante), ki te fèt pou ranfòse pwomosyon ak prevansyon lasante pandan diferan etap lavi benefisyè yo. Sa yo se kèk pwogram, tankou: Pwogram Sante Fanm ansent, Pwogram Sante Timoun, Pwogram Sante Adolesan, Pwogram Fanm, Pwogram jèn ak granmoun yo ak Pwogram Lasante nan nivo Bouch.

Finalman, objektif swen primè yo se ofri yon swen ekitab nan bon jan kalite, ki fokis sou moun ak fanmi yo, nan yon aproch ki chita sou prevansyon ak pwomosyon, sètadi, prevwa maladi yo, anba Modèl Sante Entegral la, ki se yon modèl swen ki fokis sou moun, fanmi ak kominote, ansanm ak yon ekip profesyonèl lasante kap bay swen san kanpe soti depi nan gwosès pou rive jis nan laj granmoun. Pou reyalize objektif sa a, depi 2010, CES yo te vin CESFAM.

Sous: Fonasa