Swen siperyè (kategori 3)

Rédigé le 13/04/2023
Interpreta


Swen siperyè (kategori 3):Kategori swen Sistèm Sante Piblik nan Chili

Nan sistèm sante chilyen an, nivo siperyè a reprezante nivo ki gen plis konpleksite nan sa ki gen pou wè ak swen lasante, nou jwenn:

Lopital avèk gwo nivo konpleksite

Yo pèmet tout popilasyon sèvis sante a jwenn kouvèti pou sèvis ak swen ki trè konplèks, dapre dosye sèvis ke operatè rezo a defini. Yo kapab jere tèt yo (sa yo ki gen pi gwo konpleksite teknik, paske yo tou gen ladan yo devlopman espesyalite yo ansanm ak yon òganizasyon administratif), epi yo ofri plizyè espesyalite dapre fonksyon yo.

Lopital avèk nivo konpleksite mwayen ak Lopital avèk nivo konpleksite ba

Lopital avèk nivo konpleksite mwayen yo se Sant de Referans ki pèmet popilasyon anba jiridiksyon yo an jwenn kouvèti swen lasante. Yo depann administrativman de sèvis sante ke yo fè pati a. Yon lòt kote, lopital ki gen nivo konpleksite ki ba yo fè rive jwenn sèvis sante yo ak popilasyon kap viv espesyalman nan zòn difisil yo osinon nan zòn ki pa gen estrikti vil yo. Yo pèmet popilasyon ki anba jiridiksyon yo benefisye sèvis ak swen ki gen nivo konpleksite ki pi ba a pandan ke yo depann administrativman de sèvis sante kote yo fè pati a.

Prestasyon sèvis ke yo bay nan etablisman sa yo prezante gwo nivo konpleksite konpare ak nivo anvan yo, ki koresponn ak swen lopital. Pou yon benefisyè gen aksè a sevis sa a, li dwe sòti nan yon CDT, CRS oswa nan inite ijans yo.

Pèsonèl klinik espesyalize ak administratif ki travay nan lopital oswa polikinik ki depann de lopital yo travay san kanpe (24 èdtan pa jou, 365 jou pa ane) nan domèn tankou: UCI (Inite Swen Entansif), UTI (Inite Tretman Entèmedyè) ), Inite Paviyon, inite medikaman, inite ijans, laboratwa klinik ki gen gwo nivo konpleksite, sèvis radyografi avèk gwo nivo konpleksite, bank san, pwosedi pou dyagnostike ak tretman konplèks, pou n site  sa yo sèlman.


Sous: Fonasa