Dwa ak devwa moun malad

Rédigé le 27/06/2018
Interpreta


Dwa ak devwa moun malad yo nan peyi Chili

Nan peyi Chili, gen yon lwa ki etabli ki dwa ak devwa moun ki gen rapò ak aksyon yo poze osinon viv andedan yon sant k ap bay swen lasante.

Deklarasyon sou "Dwa  ak  devwa Pasyan yo" yo dwe vizib nan tout sant k ap bay swen lasante (tankou klinik, lopital, etc.). kidonk, "tout moun ka reklame dwa ke yo genyen nan klinik, lopital, oswa sant medikal prive k ap bay yo swen lasante. Si yo pa jwenn satisfaksyon, yo ka fè apèl a Sipèentandans Sante ki jere koze sa. " (Ekstrè nan Lwa No 20.584 sou Dwa ak Devwa Pasyan yo).

Dwa pasyan an


●    Se pou li genyen enfòmasyon  klè sou kondisyon sante li.
●    Se pou l resevwa yon tretman nan diyite ak respè vi prive li.
●    Se pou yo rele l nan non l epi trete l avèk jantiyès.
●    Se pou l resevwa bon jan kalite swen sante, san danje, daprè pwotokòl ki etabli yo.
●    Se pou yo pa filme l ni fè foto l epi pibliye yo san pèmisyon li.
●    Se pou yo pa pase enfòmasyon medikal li bay lòt moun ki gen lòt enterè osinon ki pa gen okenn rapò ak sèvis swen l ap resevwa a.
●    Dwa pou l aksepte oswa refize yon tretman epi dwa pou l mande egzeyat volontè.
●    Dwa pou l konsilte oswa fè reklamasyon sou swen sante ke li resevwa yo.
●    Dwa pou yo fè rechèch syantifik sou li sèlman si li bay otorizasyon pou sa.
●    lè sa nesesè, dwa pou li konte sou yon fasilitatè nan lang li pale a ki disponib.
●    Se pou pèsonèl sante a pote yon idantifikasyon sou li.
●    Se pou doktè li ba l rapò sou swen li te resevwa pandan peryòd li te entène lopital la.

Devwa pasyan an se


●    Bay bon janenfòmasyon sou maladi, idantite ak adrès li.
●    Konnen epi respekte règleman entèn yo epi pwoteje enfòmasyon medikal li yo.
●    Pran swen enstalasyon ak ekipman ki nan sit la.
●    Enfòme sou lè yo bay moun sèvis epi ki mannyè yo ka peye.
●    Trete anplwaye sante yo avèk respè.
●    Aprann sou pwosedi pou pòte plent.

Sous: Ministerio de Salud