VIH/Sida

Rédigé le 14/04/2023
Interpreta


VIH/Sida

VIH la se “viris iminodefisyans imèn” ki pase de yon moun ki genyen l nan san li ak yon lòt moun ki pa t ko genyen li, atravè ògàn seks yo, san oswa nan moman kote fonksyon metabolik ak fizyolojik yo ap pran plas yo (de manman a pitit). Yo rele li "SIDA", Sendwòm Defisyans iminitè, nan yon etap avanse enfeksyon ki koze pa viris sa a.

Viris la gen yon peryòd 3 mwa kote moun k ap viv avèk VIH la pa gen okenn sentòm, ka menm viv pou anpil ane san sentòm, jiskaske yo detekte viris la.

kouman yo detekte VIH la?


Fason pou konnen si w genyen VIH se atravè yon tès san. Nan peyi Chili, yo ka fè tès sa a nan lopital oswa klinik ki pi pre kay ou oswa nan laboratwa prive. Tès la ta dwe fèt 3 mwa apre ke w te ekspoze a viris la epi li se son bagay sekrè.
Pou kisa yon moun dwe fè tès sa?
Si rezilta a pozitif, li sèvi pou kòmanse fè bilan sante w bonè, amelyore chans pou w viv nan pi bon kondisyon. Li ede w kòmanse tretman an lè sa nesesè epi anpeche reyenfeksyon.
Si rezilta a negatif, li sèvi pou adopte mezi pou w fè prevansyon ak fè chanjman pou evite ekspoze tèt nou ankò oswa viv nan sitiyasyon ki prezante gwo danje pou sante ou.

Kouman yon moun ka pran VIH?


Yon moun ka pran VIH nan san nan sèvi ak zegwi oubyen sereng ki pike yon lòt moun deja oswa plizye moun kap pran dwòg nan venn ak menm sereng la, osinon yon fanm ansent k ap viv ak viris VIH la nan san li ka bay pitit li pandan gwosès, akouchman oswa nan bay timoun tete, oswa nan fè bagay san pwoteksyon, sa vle di, san kapòt. Pou nou pwoteje tèt nou, nou bezwen enfòmasyon epi pou nou kapab rekonèt danje reyèl ki genyen pou moun trape VIH, pou n fè bon jan prevansyon nan konesans reyalite n ap viv la.

Met nan tèt ou ke yon moun ki gen yon enfeksyon ke moun ka  pran nan fè bagay (IST) ka pi fasil pran viris iminodefisyans imèn (VIH), ki se viris ki lakòz maladi SIDA. Yon tretman ki kòmanse a tan evite konplikasyon epi diminye chans pou trape VIH.

Enpòtan


Nan peyi Chili, Lwa 19.779 etabli ke tès VIH la VOLONTÈ, KONFIDANSYÈL e dwe gen moun ki akonpaye nan oryante w epi enfòme w.

Rezilta tès la konplètman KONFIDANSYÈL.

Moun yo gen dwa pou yo byen enfòme sou sa rezilta tès la vle di.


Moun gen dwa ap viv ak viris VIH la san ke li pa toujou konnen sa, kidonk li nesesè pou n toujou sèvi ak kapòt. Nan peyi Chili, fè bagay san mete kapòt se fòm ki pi pèmèt viris VIH la plis propaje.


Kouman nou kapab prevni VIH la?

Toujou byen mete epi  sèvi avèk kapòt chak fwa n ap fè bagay, se fason ki pi an sekirite ak pi efikas pou nou anpeche nou trape viris sa a!


●    Met kapòt chak fwa w ap fè bagay
●    kapot la dwe an latèks epi mete l yon kote ki kenbe fre e ki pa gen imidite.
●    Li dwe genyen yon dat ekspirasyon sou bwat la. An jeneral, li dire twa a senk ane, depandan de fabrik la.
●    Toujou gade dat anbalaj la epi asire w ke kontwòl kalite te fèt sou li.
●    Swiv enstriksyon pou sèvi avè l. Pa louvri l ak sizo oswa ak zong ou. Peze pwent la lè w ap mete li, pou li pa pran van epi pete.
●    Yon sèl sèvi. Itilize l yon fwa sèlman epi yo jete l.


Pou plis enfòmasyon sou tès la ak maladi a, rele FONOSIDA gratis nan: 800 378 800 yon sèvis telefòn nasyonal, konfidansyèl epi gratis.

Sous: Ministerio de Salud, Campaña VIH 2017