Swen segondè: Kategori Swen Sistèm Sante Piblik nan Chili:

Rédigé le 01/04/2023
T-Zen


Kategori swen Sistèm Sante Piblik nan Chili: swen segondè

Se lopital yo ki bay swen sa yo  ak  enstiti yo ak yon Sant Dyagnostik ak Tretman , CDT.  Nan ka ke yon moun te deja egzamine nan nivo primè a e ke profesionel sante ki te evalye ka li a detèmine ke li bezwen yon nivo atansyon ki pi konpleks, yo refere pasyan sila a bay yon lopital oswa yon klinik espesyalize.

Okenn itilizatè pa kapab mande swen pou pwòp tèt pa li nan nivo segondè sof si li ta soti nan nivo primè osinon nan ke li ta va konsilte nan Inite ijans yo.

Etablisman ki nan nivo segondè koresponn ak:

CDT (Sant Dyagnostik Terapi )
Yo se etablisman ki louvri pou kategori swen ki konplèks yo, ki depann de lopital yo, e ki resevwa pasyan ekstèn pi espesifikman sila yo ki soti nan Sant Referans Lasante, klinik jeneral, lopital rejyon yo ak sila yo ki entène nan etablisman yo. Sèvis sante ke yo ofri se konsiltasyon ka espesyal yo, pwosedi ki gen pou wè ak dyagnostik, terapi, maladi ak pasyan kap opere.

CRS (Sant Referans lasante )

Yo dyagnostike ak trete pasyan yo nan Sant Referans Lasante yo (CRS) ki depann de yon lopital e li gen ladan: konsiltasyon medikal avèk pwofesyonèl sante pou timoun, granmoun ak fanm ansent; pwosedi; egzamen, famasi ak operasyon ki pa mande pou moun entène lopital.

Moun ke yo resevwa nan CRS yo soti nan Sant Sante Swen Primè yo atravè dokiman intèklinik. èdtan yo bay daprè priyorite patoloji pasyan ansanm ak disponibilite èdtan profesyonèl lasante yo. Depandan de kèk ka espesyal, genyen yon tan datant ki pi long.
Lopital yo, atravè CRS yo, devlope diferan estrateji pou diminye tan lis datant yo.

Nan nivo segondè sistèm sante chilyen an, sèvis medikal ki gen nivo konpleksite mwayen ke yo ofri yo, depann de pwofil klinik la ak kapasite pou absòbe demann lan. Gen kèk sèvis ke yo bay nan nivo sa a tankou: konsiltasyon Espesyal, Laboratwa klinik ak radyografi, Pwosedi pou dyagnostike ak trete pasyan, swen ak pwosedi dantè espesyal, operasyon Laparoskopik, pou n site  sa yo sèlman.

Sous: Fonasa