Dwa a lasante

Rédigé le 20/06/2017
Interpreta


DWA SANTE IMIGRAN YO


Moun etranje yo gen dwa pou resevwa swen sante nan nenpòt ka sante ijans. Ki nesesè pou proteje vi yo oubyen pou evite domaj ki pa gen reparasyon nan sante yo, nan menm kondisyon egalite nan trètman ak nasyon kote yap viv la, yo pa ka di yo pap bay swen sante nan ijans, ak etranje yo paske yo pa gen papye.


Konvasyon entènasyonal ki proteje dwa travayè etranje ak tout fanmi yo, Atik 281.

1. Konvansyon ke leta chili te ratifye nan ane 2005. Depi l ésa a li antre anvigé nan peyi nou an, sa ki oblije leta respekte proteje, garanti dwa ki genyen nan akó enténasyonal sou dwa moun.

 

SANTE: YON DWA POU TOUT FANM AK TOUT GASON

  • Leta dwe fè tout sal kapab pou li bay tout moun menm swen sante, kèlke swa nasyonalite oubyen sitiyasyon migratwa yo, sa vle di etranje yo gen dwa pou resevwa swen sante, epi yo dwe gen aksè a sèvis sante ki pou fè prevansyon, bay gerizon oubyen redwi a tan efè maladia san iskriminasyon.
  • Nan Chili, sistèm sante a gen ladan li sante piblik ak sante prive. Nan sistyèm piblik la ekziste yon sekirite sosyal pou sante, kote (FONASA) Fon Nasyonal pou Sante, gen pou devwa administre li. Yon lòt kote sistèm sante prive a gen yon sitèm sekirite endividyel ki administre pa plisyè enstitisyon prevezyon santé (ISAPRE).


DWA SANTE IMIGRAN NAN CHILI

  • Nan ka ijans ki vle di yon risk pou vi ou, ou gen dwa resevwa swen nan nenpòt sant sante piblik oubyen prive, kelke swa sitiyasyon migratwa oubyen san papye. Nan system piblik yo, yo pa gen dwa pa resevwa moun malad menmsi yo pagen kat ak mwayen.
  • Moun etranje yo, kelke swa kondisyon migratwa yo uobyen yo ta san papye, yo gen dwa pou resevwa swen sante nan tout lopital piblik yo, tankou pa ezanmp, metòd pou reglemante fètilite yo, ansanm ak planin nan ijans, konwòl nitrisyon, vaksen,examen tete, Pap tès, aplikasyon Tès Elisa, swen pou malidi transmisib (TBC,VIH/SIDA, maladi moun pran nan fè bagay) ak plizyè lòt ankò, yo dwe al nan sant sante ki pi pre yo a.
  • Tout moun etranje ki ap regle papye yo nan Chili ka antre nan sistèm sante piblik (lopital,sant sante),yo dwe mande sa nan sant FONASA ki pi pre a.
  • Etranje ki gen kontra travay ak tout fanmi dirèk yo, madanm, mari, pitit yo, lòt moun kòm chaj fanmi yo, yo gen aksè ak sante atravè FONASA oubyen ISAPRE. Ou gen dwa rese vwa swen sante nan nen pòt sant sante,lopital ou klinik menm jan ak nenpòt travayè ki gen kontra travay kelkeswa nasyonalite yo.
  • Anplis, lwa sou dwa moun ak devwa pou tout malad proteje:
  1. Dwa ou dwe respekte epi proteje valè ak lavi pou pandan yap ba ou swen.
  2. Dwa pou gen moun akonpaye l bal asistans espirityel.
  3. Dwa pou resevwa enfòmasyon sou swen sante sa yap gen pou fè epi kòb yap gen pou peye; eta sante ak dyagnostik maladi a, posibilite gerizon ki genyen ak risk; pronostik yo espere epi posesis rekiperasyon.

Moun etranje yo gen dwa pou ekzije anplaye piblik ki nan sant santé yo, trete nou ak respè, yo dwe ba nou tout enfòmasyon nan pou nou konpran yo epi yo dwe repon enkyetid nou, san diskriminasyon.



DWA SANTE TI FI, TI GASON AK JEN TI MOUN, AK TOUT FANM GRO VANT YO

Nan sistèm sante piblik (FONASA), ti fi ti gason ak jenn ti moun ki gen mwens ke 18 ane ak tout fanm ki ansent, soti nan akouchman a rive lè yo gen 12 mwa, menm si yo pa gen papye, yo gen dwa pou yo resevwa swen santè:

  • Gen aksè ak tout sèvis sante ke ou gen bezwen, ansanm ak tout randevou doktè a pandan tout peryod ansant la, kontrol chak ane devlopman ti moun yo jiska 4 ane (ki rekonèt sou non kontòl ti moun an sante) tout sa sèvis prom ki pèmèt developman biosicososyal ak lòt program ki ede ti moun ki fèk fèt yo.
  • Resevwa lèt ak medikaman yo preskri.
  • Antre nan Plan Auge, ki garanti aksè nan FONASA oubyen ISAPRE sèvis sante pou yon ansanm maladi ki nan lis AUGE. Pou plis enfòmasyon, sante reponn nan teléfono 6003607777.

2.  Ou ka gen pou w peye swen sante nan ka ijans.

MANDE VIZA RESIDANS TANPORE POU TI FI AK GASON EPI JEN TI MOUN YO POU ESKRI YO SANT SANTE PREMYE SWEN

Nenpòt ti gason, ti fi oubyen jen ti moun ki nan sitiyasyon ki pa gen papye ki enskri nan yon sant sante prime, nan zòn kote li rete a, ki pa ale lekòl ka mande yon viza rezidans tanporè. Men sa yo dwe fè.

 

 



MANDE VIZA POU REZIDANS POU FANM ANSENT

Fanm ansent ki ap swiv control santé nan santé santé nan zòn kote kay ou ye a, ka mande yon viza tanporè. Men sa ou dwe fè:

 

 



Tramite pou w mande viza rezidans la ou ka fe li pou kont ou gen yon frè ou dwe peye pou sa direkteman nan depatman extranjè ak imigrasyon.

Si ou pa gen aksè ak entènet, ou ka jwenn enfòmasyon nan depatman etranjè ak imigrasyon rele nan nimero sa a 600 486 3000


SI DWA SANTE PA RESPEKTE

Nan ka dwa sante ou pa respekte, sa vle di, si yo pa vle ba ou swen nan sant sante yo nan ka ijans; si ti ak ti gason, jen ti moun yo ak fanm ansent yo ta jwen difikite nan nan swen sante ouvyen yo diskriminen yo nan sistém san a ou ka:

  • Prezante yon reklam nan biwo Enfómasyon, Reklam ak Sigjesyon OIRS nan sant sante piblik , ou ka f ésa fizikman ou ka antre nan nan sit wéb sa a oirs.minsal.cl oubyen rele nan telefón sa a sante reponn 6003607777
  • Nan o upa konfóm ak repons reklam nan, ou ka mande sipé entandan sante revize, ou dwe mache ak kopi yo bay la nan sant sante ki an kesyon an. Ou ka kominike avek sipé entandan nan sit wéb sa a supersalud.gob.cl, nan telefón sa a 600 836 9000 oubyen direkteman nan biwo rejyonal la.
  • Ekri yon kat voye bay direkté a / nan Direksyon Sante, Kóporasyon Sante nan komin ou an oubyen sévis ki koreponn ak sekté ko ou wap vivi la.
  • Si ou konsidere ke dwa sante ou pa ta respekte paske ou se imigran oubyen pou lót rezon ou ka prezante yon rekou pou proteje w oubyen yon plent nan kóporasyon asistans jidisyal. Pou kontak justiciateayuda.cl oubyen rele nan nimero sa 600 440 2000 ó 22 362 82 00

Menm jan ou ka mande oryantasyon legal nan óganizasyon sa yo ki ede imigran yo san yo pa peye:

  • Sévis jezwit pou imigran ak refijye (SJM) nan paj wéb sa a sjmchile.org oubyen nan nimero telefon sa a 22 838 75 60.
  • Fondasyon Éd Sosyal Legliz kretyén (FASIK) nan paj wéb fasic.org oubyen nan telefon sa a 22 695 75 34.

 



POU KONNEN PLIS

Dwa sante pou moun etranje yo proteje:

  • Pak Enténasyonal Dwa Ekonomik, Sosyalak Kiltirél
  • Konvansyon Enténasyonal sou Proteksyon Dwa tout Travayé Imigran ak tout Fanmi yo.
  • Dwa moun se tout sa ke tout moun genyen pou sèl rezon yo ekziste, san konsidere nasyonasyonalite, laj, seks, oryantasyon seksyel, idantite, espresyon fanm ak gason, lang, relijyon, idantite kiltirèl, opinyon politik oubyen de nenpòt lòt nati, orijin sosyal, pozisyon sosyoekonomik, nivo edikasyon,kondisyon migratwa, refijye,rapatriye, san peyi, deplase andan peyi a, kokobe oubyen nenpòt lòt kondisyon sosyal. Prensipal rektè dwa moun se respè pou diyite moun ke tout moun dwe genyen menm egalite de tout èt kap viv.

 

KONTAL ENPÒTAN

Fon Nasyonal pou Sante – FONASA
www.fonasa.cl
Telefòn: 600 360 3000

Ministè ou Sante
www.minsal.cl
Telefòn: 600 360 77 77 (Reponn Sante)

Depatman Etranjè ak Migrasyon
www.extranjeria.gob.cl
Telefòn: 600 486 3000

Depatman Legalizasyon Ministè Relasyon Exteryè
www.minrel.gob.cl
Direkyon: Agustinas 1320, piso 1, Santiago.
Telefòn: 22 827 46 14/ 22 827 46 15

Kòporasyon Asistans Jiridik
www.justiciateayuda.cl
Telefòn: 600 440 2000 ó 22 362 82 00
Tape l nan telefòn ou.



Instituto Nacional de Derechos Humanos

www.indh.cl

​​