Sistèm sante piblik: FONASA

Rédigé le 06/12/2016
T-zen


Sistèm sante piblik Chili: FONASA

Fon nasyonal pou sante (FONASA) a se yon oganis piblik k ap jere fon leta mete disponib pou sante moun nan peyi Chili.

FONASA se yon altènatif piblik nan sistèm sante prive e se Enstitisyon Sekirite Sosyal Sante (Isapres) yo ki reprezante l. Ou ka antre nan sistèm sa a lè w jwenn yon travay.

Afilyasyon nan FONASA se yon pwosesis kote yon moun ap antre nan sistèm sante piblik la. Moun nan ka yon:

  • Travayè (ki depandan oubyen endepandan)

  • Pansyonè

  • Oubyen lot kategori moun

Avèk sa a, afilye a ak fanmi l ka benefisye sèvis medikal nan rezo sante piblik oubyen prive.

Proteksyon sante pou imigran

Depi 2014, Asiran piblik siyen yon akò avèk Depatman Imigrasyon e akò sa pèmèt etranje yo enskri nan FONASA menm lè yo poko gen viza definitif la. Akò sa a pèmèt imigran yo jwenn sèvis medikal epitou li pèmèt imigran yo jwi tout lòt benefis FONASA ofri yo.

Anplis de sa, etranje ki pa gen dokiman oubyen pèmi pou rezidans ka toujou enskri nan FONASA tankou moun ki manke mwayen pou viv (Pati A) pou yo ka benefisye sèvis medikal gratis nan rezo sante piblik la.

Plis enfòmasyon:

https://www.chileatiende.gob.cl/fichas/ver/37853 oswa rele nan sant apèl nan 600 360 3000 Yon ayisyèn ap reponn ou epi l’ap gide w.

Sous: Chile Atienda y FONASA