Dicom

Rédigé le 22/04/2022
T-Zen

Kisa Dicom nan ye ?

Li se yon achiv   ki gen enfòmasyon finansye ak komèsyal  moun yo  ak konpayi yo (dèt yo). Dokiman sa  li  aksesib piblikman

Ki dèt ki antre nan DICOM?

Se tout dèt kredi ak garanti Leta, dèt sibvansyon, prè ipotèk ak nenpòt kredi yon bank oswa yon lòt enstitisyon finansye akòde w. Sa vle di, bwat konpansasyon, dèt taks, dèt kat kredi, elatriye.

Konsekans lè w nan DICOM?

Kòm bank yo, enstitisyon finansye yo ak met kay yo epi  biznis yo itilize dosye DICOM pou konprann konpòtman finansye ak kredi kliyan yo, sa pral defini lavi finansye ak komèsyal w, selon jan kredi w ye , ou ka apwouve  oubyen pa apwouve yon kredi.

Koman m ka jwen rapò DICOM  mwen?

Ou kapab mande  rapò DICOM nan  sou sit entènèt DICOM Equifax   oswa Bilten Rapò komèsyal  (Boletín de Informes Comerciales ), . Gen youn ki gratis, men li pa konplè ; gen youn lòt k ap koute w 16,999 CL ki gen tout enfòmasyon yo , w ap peye sou entènèt ak yon kat de kredi, oswa si w ap viv nan Santiago ou ka ale nan Metro Universidad de Chili pou fè demand lan. Klike sou lyen sa pou achte l  : https://sec.equifax.cl/compraonline/ficha-producto/1/Informe-Platinum-360