POU JWENN KAZYE JIDISYÈ NAN ANBASAD AYITI NAN CHILI, OU DWE SWIV ETAP SA YO

Rédigé le 05/10/2021
T-Zen

Pou jwenn kazye jidisyè nan Anbasad Ayiti nan Chili, ou dwe swiv etap sa yo:: https://youtu.be/Ot-iYTxC-Wk  

1. Al nan Banco de Chile pou peye anprent lan: $25 dola (Banco de Chile. No: 5-362-026-58-05, l’Ambassade d’Haïti)

2. Pase nan Biwo INCAMI ak tout fich bank lan pou yo pran enprent w. Adrès: Avda, Gral. Bustamante 180, Providencia, Región Metropolitana ( Ou pa bezwen pran lè, se ale pi bonè)

3. Veye lè non w sòti sou Facebook Anbasad la oubyen sou T-Zen pou ka konn ki dat pou al chache Sètifika a.

4. Anvan w pase chache dokiman an, pase nan menm Bank lan ankò pou al peye $30 dola. Poukisa se 30 dola ankò? Ebyen 20 dola pou sèvis la plis 10 dola pou legalize l la.

Enpòtan:

Prosesis la konplè ap koute 55 dola: 25 dola anprent plis 30 dola sètifika. Anbasad la p ap resevwa kòb likid nan men w, pase peye nan Banco de Chile.