Kont Bank: Cuenta RUT

Rédigé le 28/06/2018
T-Zen


Kont Bank: Cuenta RUT

Cuenta  RUT la se yon kont Banco Estado nan peyi Chili ki pèmèt ou depoze lajan, fè transfè, peye bòdwo sou entènèt oswa retire lajan dirèkteman nan yon kès otomatik (ATM). Pou jan de sèvis sa, ou pa peye anyen pou louvri ni pou antretyen kont sa. Nan sistèm bank peyi Chili a, li se sèl bon chwa pou yon etranje ki pa gen rezidans pèmanan e ki pa gen aksè louvri yon kont kouran.

Lè ou gen yon Cuenta RUT, ou ka itilize li tou kòm RedCompra nan tout sant komèsyal ki asosye avèk sistèm pèman sa a, si w ap viv nan Rejyon Metwopolitèn lan ou ka itilize li kòm kat bip! pou w peye transpò ak rechaje dirèkteman nan kès otomatik (ATM) Banco Estado yo oswa sou paj entènèt www.bancoestado.cl

Ki kondisyon pou louvri yon kont RUT?

Pou mande louvri yon Cuenta Rut, ou dwe ale dirèkteman nan youn nan sikisal Banco Estado ki nan peyi a avèk yon kat idantite ki valid epi ranpli kondisyon sa yo:

  • Se pou w se yon chilyen oswa yon etranje avèk yon kat idantite ki valid, paske nimewo RUT ki sèv w kòm idantite an se menm nimewo sa k ap sèvi w kòm nimewo kont.
  • Se pou w genyen plis pase 12 lane nan ka ou se yon fanm, plis pase 14 lane si w se yon gason. Tout moun ki gen anba 18 lane k ap fè demann lan dwe fè l akonpaye de moun ke Lalwa bay dwa pou sa.

Ki pri sèvis yo?

Menm si kont lan pa koute anyen pou louvri li, ni pou w fè antretyen li, sepandan w ap gen pou w peye kèk frè bankè si w ta vle fè transfè lajan sou kont ki chita nan lòt bank, si w ap fè retrè sou kès, ak lòt tranzaksyon toujou, kidonk se rezon pou w konnen lis pri ki lye ak tranzaksyon ki prezante nan tablo anba a.

Tranzaksyon

Entènèt

Telefòn

Kès/ sikisal

Kès otomatik (ATM)

Bwat mesaj

Distribitè

RedCompra

Caja Vecina

ServiEstado

Transfè ant kont Banco Estado

Gratis

Gratis

-

-

-

-

-

Gratis

-

Transfè sou kont lòt Bank

$300

-

-

-

-

-

-

-

-

Pèman Sèvis/ Acha

Gratis

Gratis

-

-

Gratis

Gratis

-

Gratis

-

Retrè

-

-

$600

$300

-

-

-

$300

$300

Depo lajan kash

-

-

Gratis

Gratis

Gratis

-

-

Gratis

Gratis

Depo avèk pyès

-

-

Gratis

Gratis

Gratis

-

-

-

Gratis

Verifikasyon Balans kont ak relve bankè

Gratis

Gratis

-

$100

$100

$100

-

$100

-

Bloke Kont/chanjman PIN

Gratis

Gratis

Gratis

Gratis

Gratis

-

-

Gratis

-

Rechaj Kat BIP Transantiago

Gratis

Gratis

-

Gratis

-

-

-

-

Gratis

Chanjman Kat

$100

Si ou vle gen plis detay sou Cuenta RUT la klike sou lyen sa sou Banco Estado epi w ap jwenn tout enfòmasyon ou bezwen.

Sous: Banco Estado