Konbat dife-Ponpye

Rédigé le 27/06/2018
T-Zen


Dife estriktirèl: Kijan ou ka anpeche sa

Yon dife estriktirèl se tout kalite dife ki komanse anndan kay, bilding, magazen, elatriye. Se moun ki provoke majorite nan yo, swa pa neglijans, negligans nan itilize dife oswa nan manke fè antretyen nan sistèm elektrik ak sistèm gaz yo ki andedan kay yo.


Sa ki lakoz prensipalman yon dife pran epi propaje se aksidan anndan kay, chòk elektrik, move itilizasyon pwodui likid ki fasil pou pran dife, gaz propàn ki chape, fatra ki fè pil, balèn ak sigarèt ki mal etenn, aparèy chofaj ki pa nan bon eta ak timoun k ap jwe ak alimèt, pou n mansyone sèlman sa yo.
Anpeche yon dife gwosi ak propaje se on bagay ke tout moun dwe konnen. Se poutèt sa, yo pote pou ou rekòmandasyon Oficina Nacional de Emergencia del Ministerio del Interior.

Kijan w anpeche yon dife pran?


●    Toujou tcheke enstalasyon elektrik ki nan kay la.
●    Pa akimile fatra oswa dechè anndan kay ou, yo ka boule fasil.
●    Evite konekte anpil aparèy nan yon miltipriz pou l pa tro chaje.
●    Lè w ap fè manje oswa repase rad, pa janm pòte neglijans ak aparèy w ap itilize yo.
●    Si ou pran sant gaz, fèmen alimantasyon yo, pa pase alimèt ni limen limyè, ouvri fenèt yo pou lè rantre. Si sant la toujou rete, rele san pèdi tan sèvis ponpye.
●    Si ou temwen yon dife ki pran, rele Sèvis ponpye.

Ki sa pou w fè lè gen dife?


●    Si w ta trouve w anfas a yon dife, ou dwe kite kay la san pèdi tan. Pou w ka rive fè sa san danje, akroupi, rale sou vant epi chache yon wout pou w sòti.
●    Pa itilize asansè yo.
●    Anvan w ouvri yon pòt, pase do nan men w sou li, yon fason pou w pran tanperati a. Si li cho, pa louvri l, gad si w ka soti deyò yon lòt fason. Si w pral louvri yon pòt, fè l avèk anpil atansyon. Ou kapab apiye zepòl ou nan pòt la pou w pouse li tou dousman. Si pandan w ap eseye louvri l, ou wè lafimen ak yon lè cho ap rantre, fèmen li san pèdi tan epi chache yon lòt wout pou sove tèt ou. Apre ou fin kite yon chanm nan kay la, asire w ke pa gen okenn moun ki rete andedan epi byen fèmen  pòt la.
●    Yon fwa ou deyò, rele sèvis ponpye (132) oswa mande yon moun fè sa pou ou. Pa retounen lakay ou jiskaske otorite ki konnen nan domèn sa asire w ke w ka fè sa.
●    SI OU PA KAPAB SOTI NAN KAY LA, Rele sèvis ponpye pou vin sove w, pandan w ap enfòme l de sitiyasyon an ak ki kote ou ye.
●    Retire rido ak lòt bagay ki ka pran dife ki toupre w.

Enpòtan
 

Nan ka ou se yon temwen oswa ou trouve w andedan yon kay k ap pran dife, rele san pèdi tan nan 132, nimewo ijans sèvis ponpye.


Fuente: Oficina Nacional de Emergencia del Ministerio del Interior