Sounami nan Chili

Rédigé le 27/06/2018
Interpreta


Chili se yon peyi gwo tranblemanntè ki te fè fas a sounami divès kalite mayitid pandan tout istwa li, sa ki fè ke popilasyon an te dwe aprann mezi prevansyon ak mezi ijans pou l aplike nan ka sa ta rive. Men, èske nou konnen kisa ki lakòz yon sounami tout bon vre? Yon sounami se yon kantite gwo vag ki soti nan fon lanmè ki kouri ak gwo vitès nan tout direksyon soti nan pwen kote evenman an fèt, ke pètibaston anba lanmè tankou tranblemann tè, volkan ki an aktivite, meteyorit k ap tonbe, oswa yon lòt bagay ka lakòz. kidonk, pètibasyon sa provoke yon deplasman vètikal yon kolòn dlo. Vag lanmè sa yo lè yo pre rive sou kòt la, sibi defòmasyon nan vitès ak wotè yo genyen, ki fè ke dechaj enèji sa gen gwo pouvwa pou li detwi tout sa li jwenn sou wout li.

Tout zòn ki bò lanmè nan mond lan kapab fè eksperyans sounami, men menas la sitou konsantre li nan zòn bò lanmè peyi Chili, kote yo anrejistre plis pase 50% ka ki pwodui yo.

KISA POU W FÈ SI GEN YON SOUNAMI?

●    Si ou ta trouve w nan yon vil ki bò lanmè epi ou santi ke yon tranblemann ta anpeche w rete sou de pye ou, evakye ale nan yon zòn sekirite avan sounami an rive.

●    Si otorite yo ta detèmine evakyasyon moun akòz sounami, ale nan zòn sekirite y

●    Si ou pa ka rive nan yon zòn sekirite, fè yon evakyasyon vètikal nan edifis ki gen uit (8)  oswa plis etaj oswa monte nan dènye etaj la si li posib.

●    Si w ap navige sou lanmè, swiv enstriksyon Otorite konsène yo. Si li pa posib pou gen aksè a enfòmasyon nan sans sa, epi ou ta trouve w  tou pre kot la, prese mare bato a epi kouri ale yon kote ki wo, osinon rantre nan pati lanmè ke yo rele (Haute mer an franse), ki gen plis pase 150 mèt pwofondè.

●    Si w ap kondwi machin nan vil kote wout la ta pase bò lanmè, soti vit kite machin lan yon kote ki p ap anpeche lòt machin kite zòn nan epi mache ale nan yon zòn sekirite. Si w ap kondwi nan vil pwovens, redwi vitès machin la, kite zòn bò lanmè an ale yon kote ki gen plis pase 30 mèt wotè.

●    Plis itilize mesaj tèks oswa rezo sosyal yo pou w kominike avèk fanmi oswa zanmi w.


●    Tounen nan kay ou lè otorite yo di ke ou an sekirite pou w  fè sa.

●    Nan ka tranblemann tè / sounami nan basen pacific la (zòn ki lwen yo), ou dwe rete veyaktif ak mesaj otorite yo oswa ak yon posib evakyasyon moun nan zòn ki bò lanmè yo.

●    Sitiyasyon ijans pa sèlman afekte moun, bèt tankou zannimo k ap viv ak moun yo  afekte tou.

●    Fè yon plan ak fanmi w sou fason pou fè fas ak ijans lan.

 

Sous: Oficina Nacional de Emergencia del Ministerio del Interior, ONEMI