Ede fanm ki viktim vyolans yo

Rédigé le 27/06/2018
T-Zen


Kouman pou mwen ede zanmi mwen, vwazen mwen oswa kolèg travay mwen k ap soufri vyolans nan relasyon ak patnè li oswa ansyen patnè li?
Zanmi, vwazen oswa kòlèg travay mwen ap soufri vyolans, men li pa vle pote plent paske:
●    Li pè
●    Li di ke fanmi li pa sipòte li
●    Li pa konnen si l ap viv vyolans
●    Li gen krentif rejè bò kote fanmi li oswa moun ki pwòch li.

●    Ofri li sipò ou, koute li, akonpaye li epi envite li pase nan youn nan 103 sant (Centros de la Mujer) pou fanm ki nan tout peyi chili an.

●    Rele nenpòt ki lè nan nenpòt ki telefòn, menm si ou pa gen kredi sou telefòn selilè ou nan nimewo ki parèt anba yo:
800 104 008 Oryantasyon nan zafè vyolans sou fanm nan SernamEG
133 Lapolis peyi Chili
149 Sèvis Telefonik pou koute Fanmi nan Lapolis peyi Chili
134 Polis Envestigasyon peyi Chili


Enpòtan: Si ou se yon vwazen oswa vwazin yon fanm ki ap soufri abi epi ou ta temwen zak vyolans k ap fèt sou fanm, fè agresè a santi prezans ou epi rele san pèdi tan lapolis oswa Polis Envestigasyon. Ou pa janm konnen, apèl sa ka sove lavi yon fanm.

Fanm ki viktim vyolans yo souvan izole de zanmi yo ak fanmi yo. Nan yon seri de okazyon yo fòse yo kite travay yo oswa abandone etid yo, ki lakòz yo pèdi tout kontak. Yo fini pa kwè ke yo poukont yo.

akonpaye yo, san nou pa doute de pawòl yo, epi mete men pou chanje reyalite sa.

Sous: Servicio Nacional de la mujer y Equidad de Género