Enfòmasyon jeneral sou Chili

Rédigé le 05/12/2016
T-Zen


 Rezime enfòmasyon  sou peyi  Chili

Lang: Lang ofisyèl la se espanyol. Sa ka rive nan kòmansman ou gen difikilte pou konprann fason yo pale espanyòl la   paske yo  pale li rapid epi nan fason chilyen, men avèk pratik epi  file zorèy ou byen w ap fini pa konprann.

Relijyon: 65 pousan popilasyon an di yo se katolik, men genyen anpil relijyon pwotestan ki reprezante 16 % nan popilasyon an, epi genyen legliz otodòks, mizilman epi jidayis yo.

Klima: Klima nan peyi a varye selon pozisyon jewografik ou, men tanperati klima nan Santiago li konn rive nan 34 degre nan ete, epi nan ivè li rive jiska 12 degre pandan jounen an.

Lajan: Lajan an se peso chilyen, se Bank Santral  ki enprime papye yo  ak  pyès monnen yo.: 10 peso, 50 peso, 100 peso, 500 peso, 1000 peso, 2000 pesos, 5000 pesos, 10 000 pesos, 20 000 Pesos