Sistèm AFP Chili (administradoras de fondos de pensiones)

Rédigé le 12/03/2024
T-Zen


Sistèm AFP Chili (administradoras de fondos de pensiones)

Sistèm AFP  ( administradoras de fondos de pensiones)a se yon sistèm ki pèmèt ou sanble lajan pandan w’ap travay nan Chili e objektif li se asire pansyon ti granmoun yo, moun ki andikape yo ak moun ki gen fèb mwayen pou yo viv, atravè yon enterè fiks selon kantite kòb yo te sanble pandan tan yo te fè ap travay la.

Nan peyi Chili li nesesè pou peye nan  yon AFP nasyonal, sa vle ki andan peyi Chili, paske  sistèm nan pa pèmèt ou fè sa nan peyi kote w  sòti .

 

Sistèm kapitalizasyon endividyèl

Chak afilye gen yon kont endividyèl pou l resevwa fon pansyon li yo. Fon pansyon yo ap ogmante selon envestisman jesyonè fon pansyon an ap fè ak fon yo.

Pou travayè a antre nan sistèm nan, li dwe chwazi yon jesyonè fon pansyon epi tip fon pansyon li vle a. Apresa si travayè a vle, li ka chwazi yon nouvo jesyonè fon pansyon e/oubyen yon nouvo tip fon.

Dezyèmman, travayè a pa gen yon laj fiks pou li pran retrèt li; an reyalite, li gen posiblite pou l pran retrèt li avan oubyen aprè laj retrèt la. Finalman, lè travayè a fin korèk ak jan pou li pran retrèt li, li ka chwazi ant kat (4) tip pansyon.  Plis enfòmasyon: https://www.spensiones.cl/portal/institucional/597/w3-propertyvalue-10635.html

Nimewo telefòn pou kesyon ak enfòmasyon: 600-831-2012

Sous: Superintendencia de Pensiones


Lis  7 AFP yo nan Chili?

Chak AFP yo chaje yon pousantaj komisyon  chak mwa :

  1. AFP Capital: 1,44%
  2. AFP Cuprum: 1,44%
  3. AFP Habitat: 1,27%
  4. AFP Modelo: 0,58%
  5. AFP Planvital: 1,16%
  6. AFP Provida: 1,45%
  7. AFP Uno: 0,49%