Enfòmasyon jeneral Repiblik Dominikèn

Rédigé le 21/04/2023
T-Zen

Enfòmasyon jeneral  Repiblik Dominikèn

  • Ekstansyon teritoryal:  48,670 kilomèt kare
  • Popilasyon total:  9,445,281 moun
  • Kapital: Santo Domingo.
  • Kilti : Mizik ak espò gen anpil enpòtans nan kilti Dominiken, yo gen merengue ak bachata kòm mizik  nasyonal, ak bezbòl kòm espò yo pi renmen an.
  • Lang: Lang ofisyèl lan se Panyòl. Pwobableman okòmansman li difisil pou ou konprann paske yo pale rapid yon  panyòl dominikanize, men ak pratik epi file zòrèy ou w ap vinn konprann. Ou ka ale nan kou lang tou.
  • Relijyon: 70% nan popilasyon an se Katolik, 26%  relijyon Evanjelik la plis res ki rete yo ki se Jidayis, Legliz Otodòks la ak Mizilman.
  • Klima: Repiblik Dominikèn gen yon klima prensipalman twopikal , kote lapli tonbe anpil , yon tanperati mwayèn ant 25 ak 35 °C (li fè chalè), ak kèk eksepsyon nan rejyon ki gen gwo altitid, tankou Valle Nuevo, kote tanperati a ka desann nan -3 °C nan sezon fredi.
  • Lajan: Lajan an se peso dominiken an ($RD), ki enprime pa Bank Santral Repiblik Dominikèn an biyè ak monnen