ENFÒMASYON ENPÒTAN:SÈTIFIKA LAPOLIS

Rédigé le 01/06/2018
Interpreta


ENFÒMASYON ENPÒTAN:SÈTIFIKA LAPOLIS

Anbasad peyi Dayiti nan Chili - Seksyon Konsilè - ap fè tout ayisyen kap viv Chili konnen, sitou moun ki nan pwosesis regilarizasyon an, ke pri yap peye pou SÈTIFIKA LAPOLIS la se US $25,00 dola ameriken.

Dokiman wap bezwen:

1) 1)Anprent dijital wap fè nan Anbasad la;
2) Kopi premye paj paspò a;
3) Ak de Nesans oswa ekstrèdachiv;
4) 2 foto idantite;
5) Adrès isit Chili, adrès an Ayiti;
6) Pri sèvis la: US $ 25,00 dola ameriken.

Anbasad peyi Dayiti nan Chili vle remèsye kominote ayisyen an pou bon konprann li.

Santyago, 14 me 2018