Tezen

Rédigé le 03/01/2017
Interpreta

5

Se yon manman ki gen de pitit: yon pitit fi ak yon pitit gason. Men lè manman an voye pitit fi a al pran dlo nan sous, li toujou pote bon dlo pwop. Pitit gason an li menm al nan dlo se dlo sal li pote. Manman an di : “A! Kouman fe entèl al nan dlo, li pote bon dlo pwop; ou menm ou ale, se dlo sal ou pote?”

Tigason an reponn: ” Enben manman se pa fot mwen. Mwen menm tout tan mwen ale, mwen jwenn dlo a sal. Masè menm ale li jwenn dlo a nèt. Mwen pa ka konprann sa. Jan masè pran dlo a, fòk mwen konnen.

Men tifi a, chak kou li al nan dlo, kou li rive bo sous la, li pran chante:

Tezen, bonanmi mwen, zen

Tezen, bonanmi mwen, zen

Tezen, nan dlo, bonnami mwen, zen…

Tezen, nan dlo, bonanmi mwen, zen… ”

Twouve Tezen an, se yon pwason ki nan dlo a. Etan tifi a ap chante, pwason an parèt iiiiii. Epi li pale ak tifi a, yo pale…yo pale… yo pale. Anpi pwason an fè tifi a pran dlo pwop; lè fini li ale. Tifi a fin pran dlo a, li ale tou. Men tigason an te la, ap veye, ap koute. Li vini pou li pran dlo, se dlo sal li jwenn.

Manman an menm fin pran chenn sou tigason an, l’ap plede joure li. Lè tigason an wè manman l’ ap plede joure li, li santi li pa kapab ankò, li di: “Manman, mwen ap di ou, ou pa bezwen joure mwen. Masè mwen renmen ak yon pwason nan dlo a. Pwason an rele Tezen. Se sa ki fè, lè ou wè masè mwen al nan dlo, li pote dlo pwop, mwen menm mwen ale, mwen pote dlo sal.”

Manman an di: ” Se pa vre, mwen pa ka kwè yon bagay konsa, fòk mwen ta wè”.

Alèkile yo vin ap veye tifi a avek pwason an, men yo pa ka kenbe li. Men chak kou tifi a al nan dlo, li toujou pote dlo pwop. Li annik rive bo dlo a li pran chante:

Tezen, bonanmi mwen, zen

Tezen, bonanmi mwen, zen

Tezen, nan dlo, bonnami mwen, zen…

Tezen, nan dlo, bonanmi mwen, zen…

Anpi Tezen parèt, yo pale, lè yo fin pale yo ale.

Men manman ak papa tifi a di se manti, yo pa ka gen yon sel pitit fi pou se avek yon bet nan dlo li renmen. Si se vre; yo ap touye pwason an.

Manman an di papa: “Si pou nou touye li fòk tifi a pa la. Nou ap voye li nan mache” Men yo pa di tifi a anyen.

Tifi a vin leve, li ale nan dlo, li rive bo dlo a li pran chante menm jan an:

Tezen, bonanmi mwen, zen

Tezen, bonanmi mwen, zen

Tezen, nan dlo, bonnami mwen, zen…

Tezen, nan dlo, bonanmi mwen, zen…

Menm lè a, Tezen parèt. Lè Tezen parèt, li di: “A…machè, demen demen samdi a, mwen ap mouri” Tifi a sezi, li di “O! Tezen pa di sa, se pa vre” Tezen reponn: ” Reziyen ou, sa mwen di ou a se sa, mwen ap mouri. Maman ou ak papa ou ki ap touye mwen”. Yo gen pou vini bo dlo a pou yo chante, e depi yo chante mwen pa ka pa paret. Demen samdi a, yo ap voyew nan mache. Pandan ou nan mache a, veye midi. Kou li midi, ou ap gade sou sen goch ou, ou ap wè twa degout san, konnen mwen mouri. Tifi a sezi; li pete kriye, li kriye. Ak tout li ap kriye li ap plen kalbas li dlo pwop. Lè li fini, li di Tezen li ale.

Li pran chemen an li vire gade Tezen yon denye fwa, li dil li ale ankò. Enpi li pati byen prese tèt li atè, li ap kriye.

Lè tifi a rive lakay li, yo ba li manje; li pa manje. Pase se chita kriye. Tout moun vin al kouche aswe, li menm li pa ka domi. Li fè nwit la ap kriye. Li vin demen maten, Samdi maten. Li pa ka di li pa prale, sou tout wout la li ap kriye li ap chante:

Tezen, bonanmi mwen, zen

Tezen, bonanmi mwen, zen

Tezen, nan dlo, bonnami mwen, zen…

Tezen, nan dlo, bonanmi mwen, zen…

Li vann sa li te gen pou li vann. Pandan li ap fè pwovizyon pou li pote tounen, li vin midi. Kè li sote vap! li gade sou sen goch li, li wè twa degout san. Li di: “wouy yo touye amoure mwen.” Li tonbe kriye, li tonbe rele. Tout sa moun nan mache yo fè li, pou li di sa li genyen; li pa di anyen. Li fin fè pwovizyon an li tounen lakay li. Lè li rive li jwenn yo fè manje kite pou li. Yo ba li manje, li pran manje a li pase deyè kay la. Li pran yon ti chèz li chita. Li ap penyen tet li, li ap kriye, li ap chante. Anpi tigason an vin paret, li wè sè li ap rantre nan tè. Li sote, li rele : “Manman! men masè mwen ap antre nan tè”

Manman an di: “rale kò ou la egare, kote ou konn we moun ap antre nan tè” Tigason kouri tounen ankò, li gade li wè tifi a ap antre nan tè. Li rele: ” Maman, manman! mwen di ou men masè mwen ap antre nan tè. Kouri vini masè mwen ap antre nan tè”. Lè sa a papa di: “Men machè, timoun nan di ou yon bagay ou ta leve al wè sa ki genyen.” Manman an fè sa: woup! li parèt, le li parèt, li jwenn tifi a fin antre nan tè. Yon ti tres cheve selman ki rete deyo ki pako al anba tè. Li bap! li pran li, epi li tonbe rele. Menm sa a tou li tonbe endispozisyon, li pa konn anyen ankò. Li pa gentan kenbe tifi a, pwason an tou rale tifi a li ale avek li. Koulye a lè ou rive nan dlo a, ou jwenn de pwason: se tifi a avek mari li.

Mwen menm, mwen te vin pase bo kay fanmi tifi a. Mwen di:” apa nou pedi pitit fi nou an, frekan nou ki fe nou pedi li”. Papa a tande sa li ban mwen on ti kout pye. Ti kout pye sa voye mwen vin tonbe isit la, mwen tou ba nou ti manti sa a.

Sous: Liv “M'ap li ak kè kontan”.