Kisa yo rele " Feriado Bancario"?
Interpreta le 29/12/2018

Kisa yo rele " Feriado Bancario"?

Kisa yo rele " Feriado Bancario"? Feriado Bancario se yon jou ke labank nan Chili pran pou yo pa travay menm, sa vle di tout anplwaye ki ap travay nan labank yo ap jwi konje sa. Pou ane 2018, jou sa ap tonbe lendi ki ap 31 desanm, kidon pyès bank Chili p ap fonksyone. Map di tout fanatik T-zen Fan T-Zen pwofite fè tout tranzaksyon nou gen pou nou fè jodia samdi 29 ak de 30 desanm nan. Profite fè depo ak retire lajan n ap bezwen pou nou ka regle aktivite nou pou fèt fen ane. Pa bliye premye janvye se konje toujou. Pataje videyo pou pèmèt tout Ayisyen konn enfòmasyon sa.Pou plis detay ,telechaje app T-zen an https://play.google.com/store/apps/details?id=com.goodbarber.migrantes&hl=es_419

I Interpreta
FIESTA PATRIA E NASYONALITE
Interpreta le 15/09/2018

FIESTA PATRIA E NASYONALITE

T-zen ap envite tout ayisyen ki nan Chili swiv yon Facebook Live ki gen pou Tèm "FIESTA PATRIA E NASYONALITE", Dimanch 16 septanm 2018, 5:00 Pm, kote nou gen envite espesyal pou brase lide sou “ Fiestas Patrias en Chile” epi pale sou koze Nasyonalite oubyen natiralizasyon an fonksyon de manman lwa peyi yo. Nan fen an ap gen entèraksyon antre piblik ki nan sal avèk nou ak tou moun ki ap swiv nou andirèk. Moun k ap vini nan Show kòm piblik, bat pou nou rive pita a 4:00 .

I Interpreta
Miss Ecology International-Rose Andrine Fanabelle Haiti
T-Zen le 21/03/2023

Miss Ecology International-Rose Andrine Fanabelle Haiti

https://www.instagram.com/p/CqCXgSNMMA_/?igshid=YmMyMTA2M2Y= Ann vote pou Rose Andrine Charles k ap reprezante Ayiti nan konkou Miss Ecology International kote ki gen plizye lot Peyi. Ale sou chak link sa yo, " like" kòmantè ak pataje:

T T-Zen
Nouvo Lwa Migrasyon Chili 2022
T-Zen le 25/02/2022

Nouvo Lwa Migrasyon Chili 2022

MIGRENFO 2502202: ENFÒMASYON SOU NOUVO LWA MIGRASYON. Li enpòtan pou n konn tout detay sou nouvo lwa migasyon an pou konn kijan pou antre Chili oubyen kijan pou fè fanmi w antre elatriye al gade l sou lyensa https://youtu.be/c67oo7qLXfQ

T T-Zen
Tezen
Interpreta le 03/01/2017

Tezen

Se yon manman ki gen de pitit: yon pitit fi ak yon pitit gason. Men lè manman an voye pitit fi a al pran dlo nan sous, li toujou pote bon dlo pwop. Pitit gason an li menm al nan dlo se dlo sal li pote. Manman an di : “A! Kouman fe entèl al nan dlo, li pote bon dlo pwop; ou menm ou ale, se dlo sal ou pote?”

I Interpreta