Demand Rezidans pou Ayisyen nan Chili

Rédigé le 11/06/2024
T-Zen

Pou demand rezidans tanporè ak definif gen nouvote pou Ayisyen konsènan kazye jidisyè. Mezi sa yo konsène sèlman:
  • Ayisyen ki te patisipe nan pwogram regilarizasyon ekstraòdinè 2018 la, ki te jwenn rezidans epi ki pat sòti Chili aprè l fin jwenn rezidans sa a;
  • ⁠Ayisyen ki prezante yon kazye jidisyè ki legalize menm si l ekspire men ki pa sòti Chili;
  • Ayisyen ki te jwenn rezidans nan regilarizasyon 2021 an epi ki pa sòti Chili aprè l fin jwenn rezidans sa a;
  • Ayisyen ki te jwenn rezidans tanporè, ki te deja prezante yon kazye jidisyè lè l t ap fè demand lan epi ki pat sòti Chili aprè l fin jwenn rezidans sa a;
Si w fè yon demand rezidans definif, gen kèk rezon ki ka koz yo refize l epi ba w yon rezidans tanporè pou sèlman yon lane. Pran yon ti tan, li dokiman ki nan piblikasyon sa pou plis detay.