Dwa Imigran nan Kad Katastwof-Chili

Rédigé le 18/02/2024
T-Zen

Dwa Imigran nan Kad Katastwòf-Chili

Nan ka ijans oswa nan katastwòf , yon imigran te mèt pa gen papye l'ap jwi menm dwa ak sitwayen peyi a. Si ou se yon imigran ayisyen k ap viv Chili  ou gen dwa ak sa yo ke nou site la :

1- Aksè pou yo sove lavi w ( pote w sekou)
2-Èd nan men óganis ijans yo
3-Aksè ak santre nan sistèm piblik ak sant akèy ( pou domi, manje, etc)
4- Éd pou bèt ou genyen yo ( Chen, Chat,...

Tout sa yo se nimewo telefòn ki disponib si w gen yon ijans nan peyi Chili:

  • 600 360 7777 Si w gen sentòm tankou vètij, po w ap vin wouj, pwoblèm pou respire oswa malozye , rele “Salud Responde”.
  • 130 Nan ka yon ijans, rele CONAF (Corporación Nacional Forestal)
  • 132 Ponpye
  • 133 Carabineros nan peyi Chili
  • (+56) 9 5372 1345) Si w gen yon  ki pèdi, ki disparèt

T-Zen disponib sou tout kote. tanpri vizite nou sou: