AVAN W PRAN YON RANDEVOU NAN ANBASAD AYITI NAN CHILI A

Rédigé le 03/10/2023
TZe


Anbasad la ap fè kominote a konnen ke  sistèm randevou a pa disponib jou sa yo paske gen yon travay teknik k ap fèt sou li, yon fason pou konpatriyòt yo ka rive pran randevou pi fasil. Sistèm randevou a ap disponib ankò jedi k ap 5 oktòb 2023.


MEN YON SERI MEZI OU DWE LI AVAN W PRAN YON RANDEVOU NAN SEKSYON KONSILÈ ANBASAD AYITI NAN CHILI A:

  1. Randevou yo aktive chak premye jou nan mwa pou rive dènye jou nan mwa;
  2. Nan mwa ou gen randevou a, se nan menm mwa sa pou w al peye nan bank lan. Si resi bank ou an gen yon lòt mwa sou li, li pa valid;
  3. Se nan Banco de Chile sèlman pou w ale peye sèvis ou bezwen an. Anbasad la pa pran kòb kach. Anbasad la pa vann resi bank
  4. Chak konpatriyòt ki vle pran yon sèvis dwe pran randevou sou sit entènèt Anbasad la;
  5. Ou bezwen yon randevou pou chak sèvis;
  6. Si yon fanmi gen plizyè moun, chak moun dwe gen pwòp randevou pa yo, sou non yo;
  7. Si non w pa sou fich woz bank lan, Anbasad la pap resevwa l. Si menm nimewo ki sou fich blan pa sou fich woz, li pa valid;
  8. N ap ankouraje chak konpatriyòt kreye yon imèl pou fasilite enpresyon konfimasyon randevou a, men, si konpatriyòt la pa ta gen imèl tou l ap kapab vini avèk yon foto konfimasyon randevou a sou telefòn li.

MEZI SA YO AP KÒMANSE APLIKE NAN DAT K AP 10 OKTÒB 2023..Anbasad la rasire kominote a detèminasyon l pou li kontinye bay sèvis a chak grenn konpatriyòt nan respè ak diyite.

Santyago, Chili, lendi 02 oktòb 2023


Kominike 12 Kominike 12