CHILI: VIZA TRANZIT POU PANAMA

Rédigé le 16/08/2023
T-Zen

 CHILI: VIZA TRANZIT POU PANAMA

Si w se Ayisyen k ap viv Chili, ou ka mande Viza pou fè Eskal Panama

Viza se youn nan viza Ayisyen nan Chili ka mande pou l fè eskal Panama pou li ale nan lòt peyi (Etazini, Meksik, Nicaragua, Venezuela, Ayiti ak lòt). Ou dwe mande l 45 jou avan vwayaj la.  Viza tranzit sa a ka dire 24èdtan epi sèl nan “Airport” la w ap ka rete. Konsil la ap resevwa dokiman sèlman sou te gen randevou.

Kisa w ap bezwen pou mande viza a?

  • Ranpli li fòmilè a  
  • Foto  4 * 5 approx , fon blan
  • Kopi paj Passport ( Lè w pral nan randevou, fè kopi tout paj paspò a komplè)
  • Rezèvasyon tikè oubyen intinerè vwayaj la
  • Kopi  RUT ( Si li ekspire, montre Certificado en Tramites o Porroga)
  • Dokiman ki adrès kote w prale a  (peyi destinasyon final la):lèt vitasyon moun oswa antrepriz oswa enstitisyon  peyi w prale a.

Not: Viza a koute 60 US. Si yo pa baw viza, konsila p ap tounen kob sa a